N.A.S.A. • Steves J. Bryan

ADDED BY ZOKLO (JUN 22, 2019 AT 5:10 PM) 5,431 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2019

[Intro]
You know what it is
Yo Steady that’s what I’m talking about fam
Yeah
And this is Steves J. Bryan
Vini m Mennen w nan lespas

[Verse 1]
M antre andedan matrix la byen fre
M tankou Neo m a on linèt nwa
M poste m pa nan pale a moun
Depi lontan m te toujou apa
Bout son ap boule speaker
Tout moun gentan konnen kiyès sa
Anpil nèg ap fe trap, men yo pa janm ka sonnen konsa
Steves J. roi des lions 1 + 7 ou gentan konn sa li ye
M fè high mind tounen Xerox
Sèl sa nou fè ladan l se papye
M son etwal
Lè m ap file desann nan zòn ou pa ezite fè yon veu
E si w wè m fè 30 minit pake pandan m pase siyal la
Ou mèt kwè m ap pran yon bèf
Kou m tèlman gen lò yo m sanblon farawon
Tout sa m fè mate pa ta di on balon
M wè yap chèche konpare m lè m sou mizik
A rapè prefere w la m fè yo bliye l
Li panse l tap byen pase m pral m pliye l
Beat la tank on jwen ki fini m tiye l
Poze, vibe enfini e mwen doze
Chak track s on komèt
Sa vle di lè m lage m rantre rapè k di yo fò tankou dinozò
Kolangyèt, no gimmick m pa nan fè makak
M wè yo ap eseye keep up lè konsa m just ri yo dò
Dash mwen digital m ap chanje vitèt ak bouton volum
E pi lumen kon navèt
Ban m montre w jan m konn fè maji
Pouf fè madanm ou disparèt

[Hook]
Bwas wi m bwase kach
Wi m fè dezas koulè chanpay lè nou swaf
Wi m toujou fre w ap wè sa lè w wè m de fas
Cheri an n ale vini m mennen w nan lespas
Vini m mennen w nan lespas - oh shit god damn (4x)
Destinasyon Mars
Vini m mennen w nan lespas

[Verse 2]
Lontan m te konn fè graj
Men kounya m fre kou fresko e swag la s on siwo
E m tèlman konte biyè ble
Si w gad men m wap panse ke m tap jwe a boul digo
Kounya m gen plus papye ke valiz yon elèv kap prepare l pou la rantre des classes
Cheri monte ban m mennen w nan lespas
Eleve lespri w pou m fè w touche la gras
M son blender m bwase pawòl pou m fè tout sa m bezwen vin nan men m
Haters ap chache m men yo pap ka jwenn mwen
Paske m toujou ret poze nan mwen menm
M pale perfection a langaj silans
Non m ta sipoze sinonim pwisans
M lage on mix an verite son torture
M fè nèg yo rantre tèt yo tank yon tòtu
An kanpe an mafia gade m fè l an fanmi
Big up Patrice Rolensky a Ricky
E m pa nan pèdi tan fò m chache se sa k fè m trouve
M focus m pa gen dwa twouble
E m elimine tout sa k pa vle wè m avanse
M dekole nan figu yo kon fuze
Triyang anlè tout moun High Mind
M kite tè kounya so bye bye
Fanatic trap m fè n reviv tankou laza
M Mennen n nan lespas kou NASA
Flo m pi konplèks ke on plaza
E m chaje pou m vann tankou on baza
E non cheri m pa bezwen foto
Depi w konn chat la pou mwen just pote l ban m
Rive sou mwen pa ban m video call
E si w renmen bagay dous vin manje kann

[Hook]


BIOGRAPHY
  • Steves Bryan Joseph also known as Steves J. Bryan started rapping since he was kid, later on became a journalist at the age of 18 and hosted a TV show in Haiti called kom si wow in which he received many international artist and the former president of Haiti. In December 2012 he released a popular mixtape in Haiti called on blast. Steves is quadrilingual. And is now working on new mixtapes and album for fans. Very versatile his genres are Rap/HipHop but he mixed it with some soft rock techno neo-psychedelia and more. Interesting dude with a fun spirit, his music are very uplifting and makes you wanna jump all day. Steves J. Bryan is used to stage performance and delivers nothing but amazingness for you to remember. He performed in front of 10k at the Haitian Compas Festival also at Barry Universities fashion show and many more. Asides from having his own tv show he also studies leadership and marketing and is a great motivational speaker.