Manch • Roody Roodboy

ADDED BY DIDIER (NOV 10, 2018 AT 3:07 PM) 8,385 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018
Featuring: Franco Love & DeepAct
Produced by: Haspen

[Intro]
Gwo Bout Mizik Empire
Hey hey hey
Haspen on the beat

[Hook]
Nèg Cite Soleil gen manch nan men yo
Pele Simon gen manch nan men yo
Bèlè Delmas 2 gen manch nan men yo
Gran Ravin Ti Bwa gen manch nan men yo
Yo pete yo pete yo pete
Yo pete lè yo nan gè
Yo pete yo pete yo pete
Lè yo sou koulè
Yo pete yo pete yo pete
Yo pete pou fè wè
Yo pete

[Verse 1]
Pou l ka jwenn mwayen swiviv la l kenbe on manch nan men l
Si w pa ba l opsyon kenbe liv la l kenbe on branch kanmenm
Se vre l pa ka gon gato men fòk l gen tranch nan men l
Si non l ka koupe dread ou l kenbe on branch nan men l
Nan simon pou on nèg fò w ou pa bezwen ba l lajan
Si w pa pèse nan kòlèt ou wap pran kèk bal ajan
Sonje gwo nèg se leta nèg a zam se otorite
Pou l gen antèn sou lapolis nan kafou on moto l kite
Yo pa tirè delit genyen k tire tou gòl
Genyen k tire nan lit genyen k tire pou vòl
Sot sòlda vin jeneral fò w gen kran pou w pote aksyon
Bay kèk bal kote k su pa w pa gen tan pou operasyon

[Hook]

[Verse 2]
Nèg yo pete nan gè yo pete pou dan ri
Yo pete nan koridò yo pete sou granri
Yo pete pastè yo pete ougan wi
Menm lè bouda yo piti yo pete kou gran wi
W pa ka pete si w wè jeneral la pa fè l avan
W pa ka fè back pandan jeneral la ap fè avan
Nan geto vi w pap dire si w santi w twò sou moun
Ou ka ap viv poutan wap mache ou santi mò sou moun
Yon bò wap byen pase yon lòt bò wap chante ka grav
Yon bò wap konte kòb yon lòt bò wap konte kadav
Pa gen tan pou kriye pou mò se just pase zip ou monte
Sa polis pran pou gro zam nan geto se timoun ki pote l

[Hook]

[Verse 3]
Andan geto gen pou tout tè rapid yap di pete kou misye
W annafè a bad boy konnen vi w pap dire epi w pap rete pou plise
Bang bang fè ti mò sa dengweng pèdi kò sa
Gen nèg kap fin fizye w epi sou kadav ou nigga kap rete pou pise
Gen nèg nan pete s on plezi l pran mezi bouda w l ap ba w mezi plon
Mezi plon mezi plon pete tout tèt ou lè l resi pran w
Gen neg ki pete anlè pou mete plezi nan syèl la
Gen lot bad boy m konnen ki konn pete kòtèj prezidansyèl la
Gwo fim kap fèt tankou Chuck Norris nèg kap vire avèk glòk toris
Menm si w bad man pa pran twò gwo risk
Pou w sikile av manch fò w nan blòk polis
Si w pa alye nan blòk enmi w pa balade
E si w gen kran vin ak klan pa w anfas klan n pou n met bal a de