Sikonskripsyon • Izolan

ADDED BY NATOU (MAR 10, 2018 AT 9:21 PM) 13,138 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Izobox
Year: 2018
Lyrics by: Izolan

[Hook]
Se mwen k pou di w èske ou ka mache nan vil la
Se mwen k pou di w èske ou ka bwase nan vil la
Se mwen k pou di w kiyès ki vrè badman nan vil la
Vil lan pyeje, nèg jete nèg pou manje

[Verse 1]
Pòtoprens gen premye l gen dezyèm l gen twazyèm
Mwen konn tout sikonskripsyon l
Lasalin Kafoufèy Bapedcho Fontamara pa gen menm konsepsyon
Nèg Bèlè lè yap fight yo bat pou yo toujou gen rezon
Yo fa back da ba yo blan yo pa jamè pran presyon
Lalu Kriswa Solino neg yo plis prè nan asosyasyon
Fon Nasyonal Boudon zòn sa yo toujou vle gen rezon
Fòtouwon Lasalin se la prefiks tout manifestasyon
Yo pran gaz yo pran bal yo pa pè
M pa bezwen di w pou arestasyon
Chak jou w tande tire moun ap pede tonbe
Mache lavil boule zòn nèg yo pa konekte
Eske n konprann jan m ta pale n de premye a
Kisa n ap fè pou n kontribye pou n chanje sa

[Hook]

[Verse 2]
Nan dezyèm nan m ap di nou se la m grandi
Gen anpil ti jèn ki tonbe ki pa bandi
Dezyèm nan trèt fò w konn kote w ap met pye w
Gen neg nan street k ap bay kout dwèt pou jete w
Mwen pral pale nou de Kanapevè
Nou renmen foutbòl men nou chaje fòkè
Mònatif li menm zòn sa pa janm cho
Sèl sa m pa renmen gen twòp abolotcho
Nan Koufèy, se polisye k fè team yo
Gen chofè moto, se yo ki fè gidon yo
Sèl bagay mwen konnen yo pa vle wè vòlè
Nenpòt erè ou fè wap tonbe nenpòt lè
Anwo kou anba nèg yo chaje antèn
Yo gen san ras kabrit rayi la wap etèn
Bapetchoz li menm sa se yon blok atis
Depi se pou mizik yo pa pè pran risk

[Verse 3]
Twazyèm nan se on gran blòk
Bisantnè toujou silans
Twazyèm katriyèm sinkyèm avni pa nan rans
Si wal nan ravin se zòn li m di
Neg yo kale manch yo gwo midi
Matisan pa janm nan te te te
Paske yo pa janm nan voye di
Anpil katye sou kontwòl yo
Depi gen bwas pot payroll yo
Fontamara neg bò lanmè pap kouri pou espè yo