Si Dessalines Te La • Fantom

ADDED BY GEN11 (JUN 23, 2018 AT 5:29 PM) 11,061 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Featuring: Solis
Lyrics by: Fantom

[Intro]
Nou te ka fyè
Nou te ka fò
Nou te ka granmoun
Nou te ka pa ret a moun
Nou te ka lib si nou pat fleksib
Si n te konn poze bon aksyon pou n yon nasyon
Si n pat mòde dwèt kite ban nou manje a
Si n pat touye nèk kite ban n libète a
Sa te ka pat konsa
Si nou pat touye Dessalines

[Chorus]
Si Dessalines te la
Nou tap gen kouraj pou n batay
Lòt nasyon patap vin dirije lakay
Si Dessalines te la
Nou tap fyè pou n di n Ayisyen
Nou tap gen fòs pou nou ta goumen
Si Dessalines te la
Kont tout systèm kolonyalis esklavajis
Nan mitan n pa tap gen rasis
Si Dessalines te la
Nou tap yon nasyon vanyan
Yon nasyon ki gran, yon pèp ki gen kran
Si Dessalines te la

[Verse]
H nan Haiti a tap granmoun
Tach an nou pa tap lòt ke fè youn
Nan kè nou tap genyen love e youn tap sansib pou lòt
Nou tap fyè n se Haitien nou pa tap bourike kay lòt
Nou tap gon ago zotobre ki tap kore agrikilti
Ki tap fè n kwè nan chak bout tè pou n plante pwa mayi diri
Kòme I tap taye banda trase bel chema pou jis li rive bote
E pou bote teritwa n T tap pote kole a kifè l kwè li gen bonte
E anfen li tap rejwenn diyite l pou l di l se yon peyi
Lè l wè tout bon vre nou inisye l pou nou pa kite l peri
Nou tap eple Haiti ak yon kouraj epanye li de vye antouraj
Nan nou li tap manifeste pou n pa mache bwete
Nou tap rekase chèn esklav
Si Dessalines te la
Zòt pa tap ka fè sa li vle
Antre ak gwo ponyèt pou li vin pran sa li vle
E si misye te la nou tap yon nasyon vanyan
Nou youn pa tap oze vann Haiti avèk blan

[Chorus]

[Verse]
Si Dessalines te la
Nou pa tap bouche nen n pou n bwè dlo santi
Nou tap kenbe eskanp figi n nou tap still la perles des antilles
Nou tap sonje bwa kayiman ak bataille de vertieres
Nou tap ka mache la tete au drapeau nou tap toujou anlè
Si Dessalines te la
M garanti w prezidan patap men sòl
Sa fin pran pa l bay alye pa l la pyès blan pa tap gen kontwòl
Si Dessalines te la
Kote ti nèg tap vin kolon
Nou tap gen Toussaint Boukman jamè yon Alexandre Petion
Anperè a ta la pou Haiti ta eta sa
Tap genyen bon gouvènans patap gen vòlè nan leta
Si Dessalines te la
Jèn yo tap jwenn ankadreman
Patap genyen vòksal bèbè andedan paleman
Si Dessalines te la
Problem yo tap gen solisyon
Nou pa tap la kote n ye a lontan tap g on revolisyon

[Bridge]
Ou Si Dessalines te la
Pa tap janm gen anwo ni anba
Si Dessalines te la
Nou tap viv youn pou lòt
Youn ta vle ede lòt

Si Dessalines te la
Si Dessalines te la – La vi n pa tap konsa
Si Dessalines te la
Si Dessalines te la – Haiti pa tap konsa
Si Dessalines te la

[Chorus]
Si Dessalines te la (4x)