Cesar • Baky

ADDED BY GEN11 (JUN 3, 2018 AT 11:01 AM) 11,860 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Echec Et Mat
Year: 2018
Produced by: Pipo Beat
Lyrics by: Baky

[Verse 1]
Menm si’w ta wè’m bo kote’w, antre nou gon gran eka
Nou pa gen menm vizyon, menm si’w wè’n gen menm rega
Nou pap janm ka gen menm fòs, menm siw ta wè’n gen menm bra
Nou pa pral menm kote menm si’w ta wè’n fè menm pa
Nap chanje koulè, mwen map chanje vi’m
Aprè Album sa, Fòm ta Pran repo
Lè’m di’m son Rapè n’ tèlman wè’m sal poun ta santi’n alèz fò’m ta Chanje po
M konn wè’w pèdi mwen’m pa konn defèt
Tout Sak pa tiye’m, Mwen pranl pou leson
Nap chachon atis ki reyisi, (Plz Plz plz) pa pranm pou egzanp
Mwen’m la pou’m defann
(Hip hop)
Doub blan te nan menm lè’w tap Mete mi
M pran pòz razè’m pou yon mwa depi lè sa’m wè tout sak tavè’m tounen enemi
Yo baw yon Italien pou Jezi frè’m, se pou sa’w konfonn
M responsab sam di, men’m pap janm responsab sa’w konprann

[Refren]
Si gon nèg kap ret pou lavi, e mwen
Si gon atis ki merite Glwa, e mwen
Bat bravo pou Cesar
Bat bravo pou Cesar
Tout moun renmen sa map di, paske’m pa dil tankou moun
Yo tout renmen jan map viv, poutan’m pap viv tankou youn
Mmmmhh
Bat bravo pou Cesar
Bat bravo pou Cesar

[Verse 2]
Gad jan rap kreyol ap inove
Ya remèsye’m pou sa si yo vle
Karyèm tonbe lè’m bay pilote’l
Goul ret amè nan bouch mwen lè’m bay Siwote’l
M chanje katye poum pat Gangster
Telman le mond chaje kriyorite
(Gunshot)
Bon’m tap peton lobey si’m te Gio-K
Yo di’m gen bèl dan, m vin pè souri
Yo dim rapid, m vin pè kouri
Nou nan menm panye m vin fè pouri
Si’w menase’m, map tire’w paske’m pè mouri
Kounya map mennen men’m pap janm bliye
Nou tap bare’m tout lè’m te avè’n
Si rap kreyol yon jou te gen mèt
Nou mèt kwèm tout elèv te avèg
Gen twòp pawol poum ta di
Men’m pap konfye’m bay lèzòm
M pat janm malere nan lavi’m
(Paske’m) sot anndan vant yon tresor
Baky Milyonè (Ht Album) siw vle sa
Met 2 men’n anlè, epi bat bravo pou Cesar

[Refren]
Si gon nèg kap ret pou lavi, e mwen
Si gon atis ki merite Glwa, e mwen
Bat bravo pou Cesar
Bat bravo pou Cesar
Tout moun renmen sa map di, paske’m pa dil tankou moun
Yo tout renmen jan map viv, poutan’m pap viv tankou youn
Mmmmhh
Bat bravo pou Cesar
Bat bravo pou Cesar


BIOGRAPHY
  • Baptista Lugendy St-Hubert, mieux connu sur la scène Rap Kreyol sous son nom d'artiste "Baky" est né le 6 mai 1991. Originaire du Sud d'Haïti, plus précisément de la ville des Cayes, Baky a été élevé dans une famille musicienne qui lui a légué en héritage le sens du rythme. Inspiré par la réalité haïtienne, Baky a composé ce qui allait devenir le best-seller l'année 2012 : 'Paske'm se ayisyen'. Pour lui, le Rap Kreyol est un reflet de la majorité des frustrations des jeunes et un médium permettant d'évacuer ces frustrations.

    'Paske'm se ayisyen', sa première chanson a été écrite dans des circonstances bien particulières : Á la fin de ses études secondaires, Baky désirait poursuivre ses études en République Dominicaine. Après avoir entendu parler des conditions de vie de certains Haïtiens (voir leur mort brutale) là-bas, sa mère inquiète, donna une fin de non recevoir à sa demande. Baky se sentit habité de sentiments de colère et de frustration extrêmes qu'il canalisa sur du papier.