Pran Lang • Atis Meteyer

ADDED BY ATISMETEYER (AUG 8, 2018 AT 5:29 AM) 8,140 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2018
Lyrics by: Atis Meteyer

M' di manzè an al pran Lang koz li gon bouch sirèt.
Li di gad Jan Yon atis soumoun talè m' pa di w' 6 lèt.
Li di m' k o c h o n, Pa fout ranse avè l'.
Se paske l' te pran m' pou atis ki fè m' ka ranse avè l'.
ahh chéri pa fache, vérité pa kache.
Si w' pa vle m' di w' sa ankò se Lang pou ou chèche.

Mesye dam pa neglije pran Lang.
Timoun yo pa neglije pran Lang.
Granmoun yo pa neglije pran Lang. Pran Lang.(2 fwa).

Konnen n' pa konnen kisa Lang ka fè.
si n' okipe maten midi an n' pran Lang aswè.( 2 fwa). An n' ale.

Oh. Oh. ohoh pran Lang chak jou.(2 fwa)


Cheri m' santi bouch ou dous dous dous.
An n' al pran Lang M pral fè w' pale Lang ou vle.
N'ap nan menm klas se mwen ki pral ba ou pouch pouch.
A wi cherie M' pral fè w' vale Lang ou vre.
Nou pap pran Lang bouch fèmen.
N' pral pran Lang pou n' pa ret fèmen bouch.
Pran Lang fè men, bouch.ak anpil lot pati nan kò travay.
Wi pran Lang ka fèw rivé fè bagay,,,,
Ke w' pat janm panse nan vi w',Panse a viw.
Pran Lang ka fè w' fè lajan pou w' ka pase anvi w', Pase nan vi w'.
Si'w pran Lang anpil ou ka brase lavi w'.
Fok ou pran Lang o serye pou w' pa gache avni w'.
Pran lang ka fè vi w' dous dous.
L' ka fè pou jwenn bous bous.
Jamè dlo pap plen bouch.
Moun pap ka kloure bouch vre.
Bouch ou vre.

[Refrain]
Chéri an n' ale: pran lang. Doudou ale : pran lang avèm b. (2 fwa)
l'AP bon pou mwen l'AP bon pou ou tou.
L'AP dous pou mwen ,lap dous pou ou tou ( 2 fwa).

2

Pa deranje si m' di madanm ou an n' al pran Lang avè M'.
Sa pa vle di l'AP vin fanm mwen tou si l'al pran Lang nan menm lekòl avè M' .
Depuis la nuit des temps Lang se pi bon mwayen pou moun kominike.
Mesye dam kouri pa pran tan al pran Lang ansanm pou n' ka pa limite.