Ri Pou Mwen • Emmanuel Anténor

ADDED BY LILPETER3 (FEB 24, 2018 AT 1:06 AM) 14,045 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2018
Lyrics by: #LP3

Bouch mwen ap tranble m poko ka kòmanse chante
Men m vle anonsew m pwal trayiw avan kòk la chante
Lontan m te panse se fòm kòw ki te fè'm tante
M vin reyalize tout lanmou'm chita sou 32
Lè'w souri m santi'm confus tankou m te nan tour de Babel
Dèfwa m mande si se pa souri'w ki te touye Abel
M pap korije Bondje men m wè jansiv ou mal plase
Li ta dwe anba pye'w ou fè twòp gason ap trepase
Chak fant dan'w gen yon riyèl ki ka mennen mwen canaan
Men m'ap pran dezè a en en m pa prese vi a gen sa ladan
Si Êve te gen souri'w se satan ki tap tante
Jouk ki lè la syans ap dekouvri souri'w bay sante
Wi gen anpil fi ki panse bay tiz se met ti bout jip
Yon senp ti souri'w fè plis dega ke 12 plaies d'Egypte
Miltipliye'm pa 12 epi m'ap disip ou a
M'ap obeyi'w m'ap fè tout saw vle men se pou'w ka

-kè-
Ri pou mwen
M pa mande'w anpil sèlman m diw
Ri pou mwen
La la la la la

2
Si m te ka peye'w pou'w ri kon djèdjè pou mwen chak jou
Wi m konnen m tap pòv men m tap santi'm gen fòs yon pwa lou
M konnenw ka doute men gad men'm w'ap wè yon bann mak klou
Lè'm t'al eseye bare souri'w pou'l pa al jwenn zòt tou
Mwen vle'w souri menm lè'w fache koz souri'w gen vitamin
Li ka fè nenpòt nèg pipi sou li menm si li ta min
M fè tout lavi'm ap peche lanmou m pa janm jwenn anyen
M voye senn mwen sou souri'w gade m gen tan plen yon panyen
Kè'm te miray jeriko ou souri 7 fwa epi'l tonbe
Plan lanmou'm te fin echwe men souri'w vini kòm plan B
Nèg monte pye bwa pou yo wè souri'w tankou Zache
Paske yo konn tande souri'w fè kokobe mache
M sèmante 7 fwa 77 fwa souri'w fè'm kwè
Si yo ajoute'l lakansyèl ap gen 39 koulè
Miltipliye'm pa 12 epi map disip ou a
M'ap obeyi'w m'ap fè tout sa'w vle men se pou'w ka

-kè-
Ri pou mwen
M pa mande'w anpil sèlman m di'w ri pou mwen
La la la la la