Ton Nwèl Nou Pa Egare • Atis Meteyer

ADDED BY ATISMETEYER (NOV 22, 2017 AT 1:27 AM) 12,230 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2017
Featuring: Double M
Produced by: BAD J
Lyrics by: Atis Meteyer

Ton Nwel Nou Pa Egare

[Intro]

Men nwèl
Nou wèl
Men nwèl

[Verse 1]

Timoun kounya pa kwè nan tonton nwèl.
Sa pa anpeche fèt nwèl toujou bèl.
Menmsi gen manifestasyon gen rèl.
Nan peyi’m ayiti nou pa janm pa fete nwèl.
Ton nwèl Ane sa 2 je nou kale .
Si ou vini Moïse ap fè’w ale.
Blanc Jeff si’w wè ton nwèl etazini.
Di misye pou mwen tanpri pa vini., Pa vini, pa vini

Ale di tonton nwèl pou mwen.
Di tonton nwèl pou mwen. ( 3 fois)

[Refrain]

Nou pa egare: nou pap pèdi tan’n ankò.
Ton nwèl Nou pa egare: ou menm nou pap chita tann ankò.
Nou pa egare: si’w vini ton nwèl se ou k’ antò.
Ton nwèl nou pa egare: Jan l’ ye jan l’ pa ye n’ fete atò.

Chorus
N’ap fet nwèl nou Jan n’ konnen an.
Nwèl ak sa n’ genyen an.
Fete nwèl san n’ pa plenyen.
Pa gen chanpay pase m’ klenren an ( malere pa defo).
N’ap fete nwèl nou Jan n’ konnen an.
Nwèl ak sa n’ genyen an.
Fete nwèl san n’ pa plenyen.
Pa gen pizza pase m’ bout Pen an ( pa genyen pa bosal).

1

Fete fèt nwèl pa ‘w petyonvil mwen menm mwen kwabosal.
Ou menm w’al priye nan legliz mwen menm m’ap fè voksal.
Chorus
Ou pa ka di m’ pa fete.
Piwo ke Bouda m’ mwen pa pete.
Jwaye nwèl m’ap swete.
Kit ou rich oubyen w’ nan povrete.

Nèg à bab la: blofe n’ blofe n’.( W’ pa frè manman’m)
Blofe n’ blofe n’ ( w’ pa frè papa m’)
Blofe n’ blofe n’ ( w’ pa renmen ak matant mwen)
Blofe n’ blofe n’ ( koman w’ fè tonton m’).

Bridge
Moun ki ba w’ san tann nan men w’ li ki ton nwèl ou.
Aktivite ki ba w’ kòb la li ki kado nwèl ou.

Nou pa egare
2

Ton nwèl tou pa egare nou ba l’ twòp bidjè li pa vini.
Gen moun ki al chèche l’ Chili moun sa yo ale yo pa vini.
Pa di m’ ou pa wè yo ton nwèl ( nou pa egare)
Pa di m’ ou pa wè yo ton nwèl ( nou pa egare)
Si w’ te vini ou t’ap gen jwèt nan men’w.
Ton nwèl w’ tap gen jwèt nan men’w.
Ou t’ap gen wout pou w’ ranje.
Men siklòn ki pase.
Men fènwa tout kote.
Lajwa pou w’ ta pote.
Plen timoun nan lari.
Plen fanm y’ap fè abi.
Plen fatra nan lari.