Lamas • Atis Meteyer

ADDED BY ATISMETEYER (AUG 14, 2017 AT 11:39 PM) 12,673 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2017
Lyrics by: Atis Meteyer

Pa konfonn lavi lelit ak geto mete yo ansanm tet ou cho.
Pa konfonn lavi lelit ak geto chak gen bagay pa yo.
[ BIS ]

Lèm pale de geto tout wè sinonim lamas.
Se moun kap viv ladanl ki ka diw kisa wap fè fas.
Se nan lamas ou tande vwazinaj di m pa we kiyèm.
Mande vwazin ki pi prèl la eskew te prete chodyèm.
Se nan lamas lè yo bay kouran tout timoun fè weeeee.
Pandan timoun nan lelit la lil rasazye gad tele. Gad pele.
Pou lamas map plede. Menmle nan lamas m pap pede.
Se nan lamas malere kwit vyan sèl le dimanch.
Mete bèl rad sou tout timoun sel le dimanch.
Neg ki gen ti mantalite lage nan kenbe. Lage nan koupe planch.
Lage nan kenbe manch

Pa konfonn lavi lelit ak geto mete yo ansanm tet ou cho.
[ BIS ]

Gen neg le yo leve lem maten espwa yo se albou.
Nan lamas le lapli fin tonbe tout kwen chaje labou.
Se nan lamas ti jen gason konn sak rele grangou.
Lakay li pa gen latrin fol veye moun poul al poupou.

Se nan lamas neg la gen 20 lasèt pou yon sel tenis.
Pa gen kesyon de bouch pwenti nan di vajen oubyen penis.
Se demwazel banm chat la. Se demwazel banm krab la ye.
Li konn fin nan nwit neg ap veye fanm pou yal fe wap map.
Nan lamas depi blouch blanch fow bay yon mop.
Ala traka pou ti neg geto bagay sa twop.

Sou tout tet sab kanmem fow we poupou chen.
Nan lamas neg pa goumen pou pwochen.
Nan fe bega nan mon neg tiye neg pou pwochen yelala la oh oh
Se nan lamas ti dam nan gen 20 kod pou yon sel souyen.
Pa gen manje l ouvè pyel devanl se sel soutyen li. Yelalala oh oh ohhhh

Pa konfonn lavi lelit ak geto mete yo ansanm tet ou cho.
[ BIS ]

Ti moun nan tou piti siw atake li lap joure manmanw.
Le grangou nan deye neg la watake li nen danw.
Ti bout fel gen nan menl lan nan 2 segond li ka andanw.
Siw ap bat kow bat kow bat kow yap few we koule sanw.
Se nan la mas lew voye jew ti kay toy kole.
Kotek gen ti bebe chak swa fok lougawou vole. Anmwyey.
Pitit madanm nan mouri. Moun yap soufri yo pa ka souri.

Se nan lamas chak ti moman ou tande zen pete.
Ti krik ti krak pase anba ou tande fyel entel pete. Moun yap rele ee.
Moun lamas manje tout vye manje ki ekspire .
Bet santi vye fatra tout vye sant yap respire.
Sa pa anpeche ti jen lamas byen enspire.
Malgre tout vye sant lafimen fatra wi yo byen enspire.
Pou ekzanp mw m se youn.
Nou tout se moun .
Pa gen moun ke moun kit lelit kit geto nou tout se moun

Pa konfonn lavi lelit ak geto mete yo ansanm tet ou cho.
[ BIS ]

Fin