Woulib [Kanaval 2017] • Zatrap

ADDED BY ZOKLO (JAN 14, 2017 AT 9:22 PM) 12,030 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2017

[LEMEB]
Zatrap sonw misil ki pwograme wout siksè nap chèche
Tout sak vle bare n' ap eksploze tout kote y’al kache
Nou toujou batay se ak travay tout zatrap atache
Kite’l vole vole voleeeeeee (X2)

[LYWES]
Pou n’ te pase
Anpil tray nou te pase heyy
Chimenn trase
Avan menm nou te mache heyy
Wozo pa kase
Pa pran bwa Zatrap pou boule non
Nou refize woulib
Wi nou granmoun tankou tout moun e nou lib

[REF 1]
Wouli wouli woulib nou lage sou woulib
2 gidon 2 gidon
Ayiti sou woulib
Ou lib ou lib ou lib pou lage sou woulib
2 gidon 2 gidon
Peyi a sou woulib
Anyen pa deranje
Blakawout pa deranje
Koripsyon pa deranje
La mizè pa derange! (X2)
Lekòl timoun yo pa peye (Sa pa deranje)
Lopital pap fonksyone (Sa pa deranje)
Wap byen manje vant m’ap kòde (Sa pa deranje)
Map byen pase wap kemandeeeee (Sa pa derangeeee)

[EMANOOX]
Eske se nòmal?
Pou kabrit tete chen e chen manje chen pou grangou e kòmsi l' te nòmal (manman)
"ayayay "
Menm ke n' seme byen, byen an donnen mal pou nou, devenn nou kapital
Kou nou anba pye, ayisyen menm klas menm san
Ki, kou nou vle kanpe, k'envesti pou nou ret menm jan
Pèp fok nou pa pran tan
Dòmi pou nenpòt ti plan
Pou fè moun ap byen pase
Pandan nou n'ap trepase

[RARA]
Leyogan oh, leyogan ohh
Se leyogan ki gen pi bon rara
Se leyogan ki gen pi bon tafia
Gen kout tanbou depiw tande’l
Ou mèt gangan ou mèt pastè wap danse
Pòttoprens ohh pòtoprens ohh
Se pòtoprens ki gen pli raketè
Se pòtoprens ki gen plis woulibè
Depiw tande lajan tonbe
W pa between konn kote’l tonbe
Lap bouleee
Ban nou fonw kout tou

[ERNESTO]
Avanse avanse avanse avanse san kanpe
Balanse balanse balanse balanse 2 kote
E o, e o

[JAKI]
Lè a rive pou pèp la brase
Ann ale
San kanpe
Pare poun voleee

[PASKAL]
Men woulib la
Nan ke kamyonèt la (volee)
Men woulib la
Nan bouda moto a (voleee)
Men woulib la
Lagem nan ofisyèl la (vole X9)

[REF2]
Lè yo pa jwenn woulib yanraje
Lè yo pa jwenn woulib yo mande debòde
Lè yo pa jwenn woulib yanraje
Lè yo pa jwenn woulib sèvèl yo gaye
Yanraje nan mande woulib
Yanraje woy yo mele
Yanraje nan mande woulib
Yanraje…

Woulibè woulibè
Bare woulibè
Woulibè woulibè
Bare woulibè
Rele anmwe
Rele anmwe
Bare woulibè yo
Rele anmwe
Rele anmwe
Bare woulibè yo

[REF 1]

[PASKAL]
L A la G O T go (lagooooo)
Pèp la la l' jwe domino l' chomeko
Ayisyen ti dwèt anlè (popow)
An nou fonw out woulibè (Pow)
Pa ret sou sa kap pale bè (popoppow)
Sonw bann ipokrit san rabè (Pow)
Woy ti dwèt anlè (pow)
An nou fonw kout woulibè (popow)
Pa ret sou sa kap pale bè (po po po po po po po pow)
Sonw bann ipokrit san rabè