2 Je'n Kale'n Wè [Kanaval 2017] • Demorèd

ADDED BY STREETMAN (JAN 29, 2017 AT 5:54 AM) 10,403 VIEWS EDIT

2 Je'n Kale'n Wè [Kanaval 2017] • Demorèd

Genre: Kanaval
Year: 2017
Featuring: Atis Louko & Dany

( mister Hard) verse

2 zye'm kale m'wè boujwa sal ap use ti nèg nwè pou glwa pal
San'l pa ba'l yon ti twou limyè pou'l kat kalm
Demele denigre ka vid drese vye dwe prime ak gid
Depwese e fwete mind flit devwe'n ne e'n nwi debachi
Politik burn vi'n kou chabon vin men Donc san flex vinn tèt anba
Synonyme peyi'm anti-bon nap tann èd èg pou'n konn sans gra

Sa rann je'n kale nan fè nwè e nou pa janm wè fent aksyon

Brain less chèf peyi'n san'l pa pwè e kès leta vin'n plein sal con
[Young G]
Kanaval 2017
Demo-demo-demo -DEMORED

[Refren: Kimie & Atis Louko]
2zye'm kale mwè.
Lavi di ap vyeyinn lap bwè sann.
Genyen ki pa vle kwè
Ken pap janm deplase nan lèche blanc
Lavi jeune kntre nwè
Ak pouvwa moun sansi e mèg plan
Se traka plus mizè
E Vizyon sak devwe fonn kou sann [x2]

[2nd verse: Twist]
Okay kilè nap kale je'n pou'n wè ke ka nou trè kritik.
Vin reyalize pwoblèm peyi'n son pwoblèm politik.
Lè bezwen vann peyi'n bay blan y'achte pouvwa nan men pèp.
Ba nou bèl diskou jodi epi demen n'met men nan tèt.
(anh) Ann fè silans pou'n tande sa.
Politisyen ki ta dwe chany sou do peyi'm fon ta de zak.
Jèn konsekan ann reveye'n so leve pye'n.
Kale je'n menm lè yo ta vle kreve je'n.

[3rd verse: DaBest]
Kòmsi nou nan perè se kòmsi n'pran nan pye rèd.
Nou pa janm fon pa an avan nou still ret kanpe rèd.
Yon mizè yon vi chè pil kriz kè yon vi strès.
Ensekirite koz anpil nan nou viv nan tristès.
Yon bann tizè pouvwa koz peyi'n retade.
Figi peyi a degrade sa koz tout ti jèn vle lage.
Sa pa deranje yo yo pa melanje.
Plan yo se pou likide'n epi pou'n peri devan je yo.

[Refren: Kimie & Atis Louko]
2zye'm kale mwè.
Lavi di ap vyeyinn lap bwè sann.
Genyen ki pa vle kwè
Ken pap janm deplase nan lèche blanc
Lavi jeune kntre nwè
Ak pouvwa moun sansi e mèg plan
Se traka plus mizè
E Vizyon sak devwe fonn kou sann [x2]

[Bridge: Kimie, Atis Louko & DS]
Si'n te konn enpòtans libète'n.
Sou chimen lanmou ak inyon nou tap mache.
Se enpotans ras nwa nou reprezante.
Ann vize demen e konbat poun inifye'n [x2]

[4th verse:Young G]
N'enkasere libète'n sak fè'n devye de chimen love.
Fratènite pou bay egalite nan mitan'n simen love.
Fòs black se nan inyon'l ye fò'n make tan si'n bon lye.
Fizyon'l ye sinon'n nye fè back e pa vizyon'l ye.
Anh met tèt ansanm anh
Epi pran san'n anh.
Pou'n chanje vi'n e konble vid nap fin redwi an sann anh.
So'n pa ka ret konsa pansa fyète'n avan tou.
Aprann tou ke nou se black chanjman dwe pou nou avan gou.

[Refren: Kimie & Atis Louko]
2zye'm kale mwè.
Lavi di ap vyeyinn lap bwè sann.
Genyen ki pa vle kwè
Ken pap janm deplase nan lèche blanc
Lavi jeune kntre nwè
Ak pouvwa moun sansi e mèg plan
Se traka plus mizè
E Vizyon sak devwe fonn kou sann [x2]

[2e bridge: DS]
Anndan peyim lan gen neg kap preche (pou bwas pou bwas)
Nan peyim la presse ap panse (tout pou bwas tout pou bwas)
Anndan peyim lan pèp manifeste (pou bwas pou bwas)
Mizè vin pi plis pandan yadikte (sou bwas sou bwas)

Depite bwase
Minis bwase
Pastè bwase
Senatè bwase
Moun anba bwase
Moun anwo bwase
Prezidan bwase
La presse bwase [x2]

[Hard, Young G & Twist]
Pou bwas pou bwas
Tout pou bwas tout pou bwas
Pou bwas pou bwas
Sou bwas sou bwas

[Outro: Young G]
Mr Evens
Dirijan Bruno
Délégué Djo
KandjaPromo
Soie Lebeau
Anba Bank
Cuevo Shine One
Manmi Betty