Tou Klere [Kanaval 2017] • K-Zino

ADDED BY GEN11 (FEB 3, 2017 AT 9:13 PM) 12,759 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2017

Zoboguy! Nunca Faya! Rasta! Rest In Peace
Misyon an ap kontinye

Nou nan Misyon, nou nan misyon
Tou peyi a deklare Kzino s’on lòt vibrasyon
Nou nan Misyon, nou nan misyon
Nou Kanpe Dan ak konviksyon nap pote yon revolisyon
Yo pa fè n’ favè, Yo pa fè n’ favè
Nou se lidè a larelèv la se nou k pot chalè
Yo pa fè n’ favè, Yo pa fè n’ favè
Plis yap met baryè n ap kraze yo pou n fè sa n’ gen pou n’ fè

Kite m’ vayb, m ap vayb, se nan K-Zino o o mwen jwenn vayb
Kite m’ vayb, m ap vayb, se nan K-Zino o o mwen jwenn vayb

Si w’ s’on rasta met dred yo anlè
Kite l’ anlè
Si w’ s’on bredjenn met kaskèt anlè
Kite l’ anlè
Si w’ s’on limena met dada anlè
Kite l’ anlè
Si w’ s’on madan papa mete 2 men w’ anlè
Kite l’ anlè

Fo grimèl mwen konn lè w te black
Sa k’ te pete pral repete
Figi gra pa manje manba

Aaaaaaaaight!!!! Pran pòz ou pa wè, K-Zino, djaz sa djaz sa djaz sa

Tande m tande, tande m tande yo vle atake djaz la
Tande m tande, tande m tande y ap fe konplo sou djaz la
Pitit Bondye pa janm pèdi batay , Pitit Bondye pa janm pèdi batay
Nou konn goumen nou konn priye Bondye nan syèl la l’ap gade
Ou pral poze poze NÈT

Tande m tande, tande m tande yo vle atake djaz la
Tande m tande, tande m tande y ap fe konplo sou djaz la
Pitit Bondye pa janm pèdi batay , Pitit Bondye pa janm pèdi batay
Nou konn goumen nou konn priye Bondye nan syèl la l’ap gade
Ou pral poze poze PLAT

M’anvi konnen konbyen fanatik mwen gen devan m
M’anvi konnen , leve lè men
M’anvi konnen konbyen fanatik mwen gen dèyè m
M’anvi konnen , leve lè men

Oooooooooooooooooooooooooooooooooo

Fanatik K-Zino, pran pozisyon, m’ pral pozew kestyon
Kote n’ konn we etwal , Anlè
Lonje dwèt sou li , Men Li
Kote n’ konn we zetwal , Anlè
Lonje dwèt sou li , Men Li
K-Zino s’on etwal, l anlè a l ap briye, se lè li ki rive, ou ka wè l tou klere
Lonje dwèt sou li
Lonje dwèt sou li Lonje dwèt sou li Lonje dwèt sou li

Klere , Tou Klere (3 fois )

Ban m’ di yon mo pou peyi m’

Yo pran Ayisyen pou egare, Oooooo
Yo pase dignite n anba pye, Oooooo
Zafe diri plastik la , Al’ avè l ‘ al’ avè l
Zafe poul plastik la, Al’ avè l ‘ al’ avè l
Ranmase kolera w la , Al’ avè l ‘ al’ avè l
Tou pran salami w la, Al’ avè l ‘ al’ avè l

N ap frapeeeee, PLAW
Frape l’nan figi yo , PLAW
N ap frapeeeee, PLAW
Frape l’nan figi yo , PLAW

Nou pase twop tan a la deriv, Oooooo
Li Lè pou n’ fè Ayiti reviv, Oooooo
Zafe diri plastik la , Al’ avè l ‘ al’ avè l
Zafe poul plastik la, Al’ avè l ‘ al’ avè l
Ranmase kolera w la , Al’ avè l ‘ al’ avè l
Ranmase salami w la, Al’ avè l ‘ al’ avè l

N ap frapeeeee, PLAW
Frape l’nan figi yo , PLAW
N ap frapeeeee, PLAW
Frape l’nan figi yo , PLAW

Moun Okap, moun Jacmel , moun Jérémie , Nou La
Moun Gonayiv, Moun Port de Paix ,Moun Port Salut , Nou La
Moun Okay, moun pòtoprens , moun Mirebalais, Nou La
Ayiti Cheri, Nou La

Si w’ santi ou klere , Fè foto
Bredjenn si sa k’ sou ou se pou ou, Fè foto
Ti medam si n’ santi nou byen kanpe, Fè foto
Rasta si w’ santi ay ou byen wo, Fè foto

Leve men w’ anlè, ouvè le kò
Pran pozisyon , kale postè.
Pran kamera w’, nou pral fè foto

Fè foto, Channmas fè foto se clap clap
Fè foto, Petyonvil fè foto se clap clap
Fè foto, Delmas fè foto se clap clap

Ti Ti Ti Pick, Byen Pase otomatik