Kazimodo [Kanaval 2017] • Olivier Martelly

ADDED BY GEN11 (FEB 2, 2017 AT 10:33 PM) 11,831 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2017
Featuring: Gio-K, Dro & Top Adlerman

Anye Big O

Chak ane, chak ane kanaval la rive
Granmou timoun yo te gentan mobilize
Chak ane, chak ane kanaval la rive
Twa jou sa ou konnen nou pap negosye l

Poze w - abolotcho ke vle fè kanaval
Poze w – nan kanaval nou gen rival
Poze w – nan chaloska ou la w ap fè bosal
Poze w – se pa konsa nou trip nan kanaval

Ane sa nou pap fè bagay yo pèsonèl
Ann fè tankou Martelly k fè on bèl pass li bay Jovenel
Peyi a te bloke gad jan l pral mache
Met tèt ansanm piga n kite tan pase

Chak ane, chak ane kanaval la rive
Granmou timoun yo te gentan mobilize
Chak ane, chak ane kanaval la rive
Twa jou sa ou konnen nou pap negosye l

Ann ale ann ale Okay nap pase non fò m ale fò m ale
Ann ale ann ale Chanmas nap pase non nou pa nwi nou pa nwi

N antre nan bann nan
Met plezi nan bann nan
Nèg pèdi bann nan bann nan

Devan palè se bow bow bow bow
Devan chanmas se bow bow bow bow

M tande Y ap pale, sa y ap pale? (4x)
Yo pale yo pa di anyen menm

Hihan hihan hi, hihan hihan hi – anyen menm
Hihan hihan hi – yo pale yo pa di anyen menm
Bèbèbèbèbè – bèbè pla pla

Elèv lekòl yok a fè l – bese bese
Chofè moto m yok a fè l – bese ba
Blòdè ghetto m yok a fè l – bese bese
Tout limena yok a fè l – bese bese bese ba

Kazimodo k pran w (3x)

Stop men anlè – blòdè k ap vin goumen nan bann nan
Stop men anlè – se mwen ki gen kontwòl tout zòn nan
Stop men anlè – si w vin tire gagann nan bann nan
Stop men anlè – konnen se mwen k gen bon bannan nan

Frape men nou pou timoun yo – pla
Pou n ka fè Ayiti reviv ankò – pla pla
Frape men nou – pla
Frape men nou – pla pla

M tande Y ap pale, sa y ap pale? (4x)
Yo pale yo pa di anyen menm

Hihan hihan hi, hihan hihan hi – anyen menm
Hihan hihan hi – yo pale yo pa di anyen menm
Bèbèbèbèbè – bèbè pla pla
Bèbèbèbèbè – bèbè pla pla pla

Moun andeyò m yo ka fè l – bese bese
Tout djaspora m yo ka fè l – bese ba
Moun lavil yo ka fè l – bese bese
Tout Ayisyen m yo ka fè l – bese bese bese ba

Kazimodo k pran w (3x)

Stop men anlè – blòdè k ap vin goumen nan bann nan
Stop men anlè – se mwen ki gen kontwòl tout zòn nan
Stop men anlè – si w vin tire gagann nan bann nan
Stop men anlè – konnen se mwen k gen bon bannan nan

Frape men nou pou timoun yo – pla
Pou n ka fè Ayiti reviv ankò – pla pla
Frape men nou – pla
Frape men nou – pla pla