5 Minutes • Gabel

ADDED BY PHKATHIUS1 (JAN 21, 2017 AT 4:29 PM) 14,864 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Anyen Pa Etenel
Year: 2014

[Verse 1]
Banm 5 minit souple
Pou nou ka f’on ti fon pale
Tanpri pa di’m w’okipe
Paske m’santi m’ap toufe
Se pa konsa’w te ye, non non
Di’m sa’k pase kifè ou chanje
Mwen prèt pou’m tande tout sa’w vle bb
Jis ban’m verite

[Verse 2]
Jan’w aji fè’m ap panse
Ke w’ap chèche ranplase’m
Si se vre, m’jis vle tande
Pou nou ka decide
Mpa vle ou fè’m pitye, non non
Si se pa nan bra’m ou ta vle ye
M’ap mare senti’m pou’m kite’w ale
Depi se sa ou vle

Baby
5 minutes
That’s all I need
Gabel…
Ti rasta…

[Chorus 2x]
Ou gendwa pa renmen’m
Sa pa rezon pou’w jwe avè’m
Ni pou’w kraze kè’m
Kisa’m fè’w pou’w pa vle wè’m

[Bridge]
Malgre n’ap viv san lanmou
M’mare kè’m pou’m ret toujou
Ak lespwa yon jou
W’a konprann sa’m ye pou ou oh oh
Mwen pat janm enterese’w
Tout sa’m fè ki te mele’w
M’ta renmen kesyone’w
Eske mwen mare pye’w oh oh

[Chorus 2x]
Ou gendwa pa renmen’m
Sa pa rezon pou’w jwe avè’m
Ni pou’w kraze kè’m
Kisa’m fè’w pou’w pa vle wè’m

[Bridge]
Malgre n’ap viv san lanmou
Mwen mare kè’m pou’m ret toujou
Ak lespwa yon jou
W’a konprann jan m’fou pou ou oh oh
Mwen pat janm enterese’w
Tout sa’m fè ki te mele’w
M’ta renmen kesyone’w
Eske’m janm nan panse’w oh oh

[Chorus]
Ou gendwa pa renmen’m
Sa pa rezon pou’w jwe avè’m
Ni pou’w kraze kè’m
Kisa’m fè’w pou’w pa vle wè’m

Ou gendwa pa renmen’m…