Otan • Harmonik

ADDED BY TIKESS (JAN 19, 2015 AT 3:53 PM) 33,781 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Diferan
Year: 2013

Eske w’ pa konnen sa ki rele renmen
Pou jan ou toujou sou goumen
Eske lè m’ plenyen ou santi w’ pi byen
Gad’ jan ou ap mache sou fyèl mwen
Pale avè w’ sa tounen’on pwoblèm
Genlè w’ vle tou fini avè m
Se tankou yon vye fantom mwen ye
Ou fè komsi mwen pa t’ egziste

Olye ou aksepte m’
Ou pito refise m’
Olye ou apresye m’
Ou pito maltrete m’
Di mwen non, oh di mwen non
Kisa pou m’ fè

Paske w’ pa konnen doulè kout kouto
W’ap rache kè m’ an ti mòso
Paske tout pase’w se vye eksperyans
Se mwen k’ap peye konsekans

Jan ou chanje tounen yon mistè
Malgre m’ kriye ou pa care
Se tankou yon andikap mwen ye
Akòz de ou mwen pap fonksyone

Olye ou aksepte m’
Ou pito refise m’
Olye ou apresye m’
Ou pito maltrete m’
Di mwen non, oh di mwen non
Kisa pou m’ fè

Oh oh sa k’ pase w’ la oh oh (2x)

Sanble ou panse lanmou
Se ou ki envate l’
Ou fë tout sa ou vle
San yon ti resistans (San yon ti resistans)
Yon jou ou gen pou chèche l’
Ou p’ap jwenn li
Pito w’ repanse
Avan ou replike

Ou pa konn bonè m’
Ou pa konn malè m’
Chak jou ou antre min ou mare
Ou tank’on moun ki kontrarye
Mwen pa konn antre w’
Mwen pa konn soti w’
Se pa konsa n’ te kòmanse
Di m’ ki kote sa mal pase
Oh oh sa k’ pase w’ la

Sanble ou panse lanmou
Se ou ki envate l’
Ou fë tout sa ou vle
San yon ti resistans (San yon ti resistans)
Yon jou ou gen pou chèche l’
Ou p’ap jwenn li
Pito w’ repanse
Avan ou replike

Ou pa konn bonè m’
Ou pa konn malè m’
Chak jou ou antre min ou mare
Ou tank’on moun ki kontrarye
Mwen pa konn antre w’
Mwen pa konn soti w’
Se pa konsa n’ te kòmanse
Di m’ ki kote sa mal pase
Oh oh sa k’ pase w’ la

Oh oh sa k’ pase w’ la oh oh (2x)

Lanmou se pou ou
Lanmou pou mwen tou
Lanmou pou nou tout

Otan Otan mwen pa vle lanmou alanvè
Mwen p’ap fè tout vi m’ nan lanfè
Otan Otan mwen pa vle lanmou alanvè
Mwen p’ap fè tout vi m’ nan lanfè
Otan Otan mwen pa vle lanmou alanvè
Mwen p’ap fè tout vi m’ nan lanfè