Full Sèvis • Kenny Desmangles

ADDED BY TIZER (NOV 28, 2014 AT 5:24 PM) 20,217 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Full Sèvis
Year: 2014
Produced by: Dano Eugène
Lyrics by: Kenny Desmangles

[Intro]
Oh..come on
These girls ain’t loyal
That’s right
Come on
Are you ready for this

[Kenny]
Zanmi mwen vini m pale w
M’gon bagay pou nou rakonte w
Se si w’acting like a fool, m’pral ba ou de twa poul
Se pa lanmou ki responsab si w wè relasyon ou pa stab
Si w vle menaj ou krazi w plis, fòk ou ba l bon sèvis

[Chorus]
Fò w fè lanmou avè l chak jou
Fòk ou di l baby I love you
Fè l santi l mean the world to you
Di li “Cheri mwen pa ka viv san ou”

[Mickael Guirand]
Se pa di ou se bon jenjan
Ou pa bay lov ou pa bay tan
Si mennaj ou pran yon tchèk, se ou ki koz sa w fè
Olye w’ap fè vye jalouzi, pito w chèche on jan w fèl plezi
Lè sa l’a ba ou 10 sou 10 depi w ba l bon sèvis

[Chorus]
Fò w fè lanmou avè l chak jou (Fò w toujou mennen l sòti)
Fòk ou di l baby I love you (Montre l w’apresye l)
Fè l santi l mean the world to you
Di li “cheri mwen pa ka viv san ou”

[Horns]
Mickael, nan kisa n tonbe la a hein?
Pa gen dyòl papa
Medam sa yo mande - bon sèvis
Sa nou vle - bon sèvis
Ki sa yo mande - bon sèvis
Ok…
Si w pap bay sèvis w’ap pran nan cho

[Keyboard solo - Dano Eugène]
Zopodobpodo podop
Bagay la lwil
Pran swen menaj ou
DJ Bob ou tande, si w take care y’ap take care w wi

[Chorus]
Monchè, monchè sispann plenyen
Sispann lage chay sou renmen
Fò w chanje e e
Si w vle pou relasyon mache,
Pou menaj ou fè kè w ere
Fò w jere l, wo oh ba l sèvis

[Mickael + Kenny]
Toujou ba li afeksyon, full atansyon - Full sèvis
Pote bèl flè pou li chak jou fè l feel enpòtan - Ba l sevis
Make sure lè n’ap fè lanmou ba l satisfaksyon - Full sèvis
Nan tout bagay zanmi mete l an premye pozisyon

[Chorus]

[Mickael + Kenny]
Mennen l fè ti pwomennen mennen l soti - Full sèvis
Pa janm kite l nan kay pou ou menm w’al pran plèzi - Ba l sèvis
Make sure lè n’ap fè lanmou ba l satisfaksyon - Full sèvis
Konsa w’a evite pwoblèm ak diskisyon

[Horns]
Pran leson tande
Hello Greg

[Keyboard solo]
Kennyway full sèvis…
24/7 wi...all the way
Sake ay
Kennyway full sèvis
Hello The Bad,
Si w pa fè travay ou g’on lòt moun k’ap fè l pou ou

Shabba
Hey yo, Kenny
Where you at
Shabba hol a gyal

[Shabba]
Si w pa bay lanmou pa bay atansyon
Pa janm bay fanm ou afeksyon
Ou pa nan batay
Si w pa janm fè l souri, w’ap fèl fè jalouzi
Se pwoblèm sèlman w’ap ba li non
Ou pa nan batay
Si w pa mennen l fè shopping, pa mennen l nan restoran
Move san w’ap fè l fè chak jou
Ou pa nan batay
Si w pa pot flè pou li, ou pa ouvè pòt pou li
Achte bèl kado pote pou li
Ou pa nan batay
Mennen l nan stidyo d’ bote (e e)
SMS di l bèl ti mo (oh oh)
Si w pa rele li chak jou pou di:
“Cheri I love you, all I need baby is you”

[Guitar groove - Bato]
Spiderman, konpa papa
Bato full sèvis

[Outro]
Moun yo pa nan batay
Medam yo pap pran nan may
Ou pa nan batay