Konfizyon • Brown Cliff

ADDED BY ZOKLO (AUG 21, 2014 AT 5:24 PM) 20,271 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2014
Lyrics by: Brown Cliff

Premye jou'm te kontre'w
Kè'm te telman ap vibre
Yon sèl kou'w te okipe tout fon panse'm
Mwen te apwoche ou
M te pale avèk ou
Depi jou sa vim te enposib san ou

Mwen renmenw se desizyon'm
Pa panse'm nan konfizyon
Pa koute moun ki jalou kap eseye met divizyon
Nan ou'm jwenn idantite'm
Lè'm avè'w stress mwen ale
Pouki'w pa bay lanmou sa yon ti chans pou'l ka triyonfe

M Konnen'w renmen'm anpil
Men'w pap dim sa fasil
Eksperyans avan'w yo te fè ou desi
Lè'm rele'w pa reponn
Lè'm text ou'w fè menm jan
Eske se kapris oubyen yon lot rezon

Mwen renmenw se desizyon'm
Pa panse'm nan konfizyon
Pa koute moun ki jalou kap eseye met divizyon
Nan ou'm jwenn idantite'm
Lè'm avè'w stress mwen ale
Pouki'w pa bay lanmou sa yon ti chans pou'l ka triyonfe

I wanna show you how much I love you
Just open your heart let this love flow

M promèt ou m pap janm blese'w
Chouchou map renmenw jiska lenfini

I wanna show you how much I love you
Just open your heart let this love flow

Fanm natif natal lakou peyi dayiti
Nan mwen'w retire dezi tout lot fi

I wanna show you how much I love you
Just open your heart let this love flow

Ou sèl ki bay lanmou'm gou
M vle montre'w santiman'm pou ou
Cheri mwen pa nan konfizyon
M pa vle pale m vle fè aksyon
Mwen pa vize avni'm san ou
Avèw m vle goute gou lanmou
M rennen ou san okenn dout
Cheri san ou mwen son joujou

I wanna show you how much I love you
Just open your heart let this love flow

M promèt ou m pap janm blese'w
Chouchou map renmenw jiska lenfini

I wanna show you how much I love you
Just open your heart let this love flow

Fanm natif natal lakou peyi dayiti
Nan mwen'w retire dezi tout lot fi

I wanna show you how much I love you
Just open your heart let this love flow