Fè Bagay [Kanaval 2014] • Chalè

ADDED BY TIZER (JAN 24, 2014 AT 3:27 PM) 23,107 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2014
Produced by: Manno Beats

[Intro]
Roodyman, papa chacha
Manno Beats, touch majik la
Ti Mario, boss!
Chalè

[Roodyman]
Ayisyen li lè li tan pou n bay valè a sak lakay nou
Ankadre pwodwi lokal pou lòt nasyon bann respè nou
Pou yo sispann eksplwate nou, sispann depòte nou
Sispann kritike nou, sispann imilye nou

Nou se gran blak
Se nou ki te fè 1804
Nou se gran blak
Nou te menm ede lòt nasyon batay
Nou se gran blak
Nou fè 25 an ap okipe vwazen
Nou se gran blak
Kounya, men se ak nou yo vle fè zen

Zansèt yo te goumen ak blan
Pou yo te ka banou libète
Telman n batay antre nou
Fyète nou pase anba pye

Kot fyète a ye la a?
Si chak jou n'ap goumen antre nou
Kot fyète a ye la a?
Si chak jou wap plede bat fanmi w
Kot fyète a ye la a?
Si w pa mete pitit ou lekòl
Kot fyète a ye la a?
Si chak jou wap pale ak manman w dwòl

Si n vle sa chanje
Fòk nou sispann fè vyolans sou fanm
Si n vle sa chanje
Fè tèt kole pou Ayiti pi djanm

[Ti Mario]
Yo gen pye, nou gen pye
Yo gen ren, nou gen ren
Yo gen men, nou gen men
Yo ka renmen, nou ka renmen
Yo gen bouch, nou gen bouch
Yo gen souf, nou gen souf
Yo gen tèt, nou gen tèt
Yo ka panse, nou ka panse

[Hook]
Fè bagay, fè bagay
Fè bagay pou n voye deyò
Yo fè voye banou
Fòk nou fè voye ba yo

[Ti Mario]
Si w s'on peyizan
Plante pou voye deyò
Si w s'on atis pent
Fè tablo pou voye deyò
Si w s'on ekriven
Ekri pou voye deyò
Si w s'on mizisyen
Fè mizik pou voye deyò

[Roodyman]
Yo gen T-Pain, nou gen Mikaben
Yo gen Bruno Mars, nou gen Wanito
Yo gen Rick Ross, nou gen Roodyman
Yo gen 50 Cent, nou gen Izolan

Si n renmen atis Ayisyen n yo
Leve de men n anlè
Si n fyè de atis Ayisyen n yo
Leve de men n anlè

[Roodyman]
Yo gen Jay-Z, nou gen Wyclef Jean
Yo gen Marc Anthony, nou gen Reginald Cangé
Yo gen Corneille, nou gen Jean Jean Roosevelt
Yo gen Céline Dion, nou gen Emeline Michel

Si n renmen atis Ayisyen n yo
Leve de men n anlè
Si n fyè de atis Ayisyen n yo
Leve de men n anlè

[Delice guitar solo]
Anmwey! Anmwey! Anmwey!

Bongu!
Sogener!
Kenbe Prestige ou!

Anmwey! Anmwey! Anmwey!

[Hook]
An n ale, Ayisyen an n ale! (Wey!)
An n ale, nan bouda Sen Domeng
Epi ti dwèt anlè
Vire ti dwèt anlè (Wey!)
Ti dwèt anlè

N'ap lage l!

Dwat nan bouda Sen Domeng
An n ale, an n ale!
Ayisyen pa konn jwe
Dwat nan bouda Sen Domeng
Lage l, Lage l
Dwat nan bouda Sen Domeng
Wooooy!
Kalòt marassa
Lage l, lage l nan tèt vwazen
Kalòt marassa
Frape l, frape l nan tèt Dominiken
Kalòt marassa
Lage l, lage l nan tèt vwazen
Kalòt marassa
Frape l, frape l nan tèt Dominiken

[Roodyman]
Yo gen Elton John, nou gen Alan Cavé
Yo gen Kanye West, nou gen Manno Beats
Yo gen P Diddy, nou gen Ti Mario
Yo gen Weezy, nou gen Ti (?)

Si n renmen atis Ayisyen n yo
Leve de men n anlè
Si n fyè de atis Ayisyen n yo
Leve de men n anlè

[Roodyman]
Yo gen Messi, nou Donald Guerrier
Yo gen Michel Sardou, nou gen Lionel Benjamin
Yo gen Mr. Bean, nou gen Tonton Bicha
Yo gen Obama, nou gen Michel Martelly

Si n renmen atis Ayisyen n yo
Leve de men n anlè
Si n fyè de atis Ayisyen n yo
Leve de men n anlè

Ti Marioooooo!
Men dyaz!
Canez Construction
Men dyaz!
West-I!
Fanatik Chalè yo
Nou pa pè, nou pa pè, nou pa pè, nou pa pè

Manno Beats, pa pè anyen
Nou pa pè anyen
Rudyman, pa pè anyen
Nou pa pè anyen
Ti Mario, pa pè anyen
Nou pa pè anyen
Nou pa pè, nou pa pè, nou pa pè, nou pa pè
Big O, pa pè anyen
Nou pa pè anyen
Nèg geto, pa pè anyen
Nou pa pè anyen
Ayisyen pa pè anyen
Nou pa pè anyen
Nou pa pè, nou pa pè, nou pa pè, nou pa pè

[Keyboard solo]
Leve de menn anlè
Epi chante
OOOOOO
Gonfle ponyèt nou pou n di
Nou pa pè, nou pa pè, nou pa pè, nou pa pè anyen
Giant Market
Nou pa pè, nou pa pè, nou pa pè, nou pa pè anyen
OOOOOO
Telefòn BLU
OOOOOO
Peintures Matpar
Nou pa pè, nou pa pè, nou pa pè, nou pa pè anyen

An n, an n, an n ale
Dwat nan bouda Sen Domeng
Ann ale, ann ale!
Ayisyen pa konn jwe
Dwat nan bouda Sen Domeng
Lage l, Lage l
Dwat nan bouda Sen Domeng
Wooooy!
Kalòt marassa
Lage l, lage l nan tèt vwazen
Kalòt marassa
Frape l, frape l nan tèt Dominiken
Kalòt marassa
Lage l, lage l nan tèt vwazen
Kalòt marassa
Frape l, frape l nan tèt Dominiken
Kalòt marassa