Byè'k Nan Men'w [... • Badi Kamall

ADDED BY TIZER (FEB 6, 2014 AT 11:30 AM) 21,751 VIEWS EDIT

Byè'k Nan Men'w [Kanaval 2014] • Badi Kamall

Genre: Kanaval
Year: 2014
Featuring: 55
Produced by: Bouzi & Sandro Martelly

[Badi]
Soti anba lavil, m'ap monte Petyonvil
Lè m rive sou Boudon, m'kwaze yon bèl bonbon
Mwen di l “Comment vas-tu”
Li reponn mwen zuzu
M'te gentan apiye, talè m'pral dezabiye
Se te yon bèl grimèl, li di m li renmen krèy
Li renmen bon bredjenn
Blòdè k' gen bon tèt grenn

S'on kanaval mwen fè pou m trip (Na wè sa)
Fòk ou tande l pou ou ka trip
Si w pa tande l li pap fè hit

Pase bò ‘on bak fritay
Apre n'ale lakay, nou fè anpil bagay
Mwen fè woule ti tèt li
Li pat pè manyen bra mwen
Demen l'ap di “Cheri eske wap mennen mwen nan kanaval Gonayiv”
Se la mwen pral fè w ri
Mwen te gentan sove, m'te gentan Akayè, sou wout ak 2-3 blòdè
Oh oh oh oh

S'on kanaval mwen fè pou m trip
Fòk ou tande l pou ou ka trip

[Koral]
Konsa yo ye (3x)
Fanm Pòtoprens gen may pase chenn

Yo sou tout bagay

Facebook, se yo
BBM, se yo
Instagram, se yo (Mon père est mon divin)
Whatsapp, se yo
Twitter, se yo
Menm filtè

Blòdè mete w sou men w, pou yo pa kase ren w
Bouzi, où est-tu?

Christina, anba w soti
Laura, anba w soti
Rebecca, anba w soti

Depi m jwenn travay
Ka jwenn la manjay
Yon ti shortie pou m fè bagay

Vakabon!

Byè k' nan men w
Politisyen, byè k' nan men w
Sanzave, byè k' nan men w
Dominiken, byè k' nan men w

5-5

[55]
2014, tèt mwen kale wòz
Gonayiv m'pral fimen yon ti bòz
Apre sa tcheke ‘on ti lady pou m al bay pòz
Kèpòpòz, epi tout moun sou poz

Hein? Vakabon...

Sanzave, byè k' nan men w
Paleman, byè k' nan men w
Politisyen, byè k' nan men w
Dominiken, byè k' nan men w
Limenna, byè k' nan men w
Abolotcho, byè k' nan men w
Lougawou, byè k' nan men w