Nou Pran Lari A [Kanaval 2014] • Anbyans

ADDED BY TIZER (JAN 31, 2014 AT 12:57 PM) 20,918 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2014

Yap pale, nap pase
Yap ranse, nap panse
Oh Oh...Oh oh oh oh oh
Yap di vye koze nou ret poze, kou Ayiti nap vanse
Oh Oh...Oh oh oh oh
Yo fè pwopagann tout kote mache di n'divize
Hey Hey
Men nou jire devan Bondye pou n rete soude
Hey Hey

Sa k' pare pou n tèt kole yo, nou tou limen
Pou Ayiti pi djanm, nou tou limen
Ayisyen k pou Ayiti yo, nou tou limen
Kote konbatan Anbyans yo? Nou tou limen

Novanm 1803 Vertières, Cap-Haïtien yon batay kòmanse
2010 zan apre tout Ayisyen te desann al pote kole (Pote kole Cap-Haïtien)
Se menm batay sila ki ta pral ba nou Gonaïves premye Janvye
Ayisyen louvri je n, istwa n ap retrase
Nou sot Okap, ane sa n pral Gonaïves

Ayisyen louvri je n, istwa n ap retrase
Hey! An nou jete tout sa k' pat bon
Men nap kenbe tout sa k' te bon
Si n bezwen chanjman
Ayisyen louvri je n, istwa n ap retrase
Anko! Moman pou n soti nan divizyon
Pou nou ka fome yon chèn d'inyon
Tèt kole pou Ayiti pi djanm

Hey!
Woy, men lekol la
An n “déposer ces choses”
Elèv lekol!
Woy, timoun men lekol la

Pou n te pran libète n, nou te fè Bataille de Vertières
Nou pat pè!
Boulèt kanno, Capois La Mort di se pousyè
Nou pat pè
Rochambeau kanpe batay la pou l te ba nou respè
Nou pat pè
Gras a Henri Christophe, bati Citadelle Laferrière
Ayisyen reveye n
Se pa enjistis, se pa divizyon, se pa mizè k' ka fè n pè

Gonaïves tèt dwat!

Nou pral pran endependans nou
Endependans sou san konsyans yo
Nou pral pran endependans nou
Sou sa ki pa vle peyi n mache yo
Nou pral pran endependans nou
Mwen di sou chèn ki mare lespri n yo
Nou pral pran endependans nou

Offrandes K-Plus!

Pou'n te libere nou te inifye (Anbyans Ramon!)
Se nan tèt kole pou n rekòmanse

Woy, te pran libète n, nou te fè Bataille de Vertières
Nou pat pè!
Boulèt kanno, Capois La Mort di se pousyè
Nou pat pè
Rochambeau kanpe batay la pou l te ba nou respè
Nou pat pè
Gras a Henri Christophe, bati Citadelle Laferrière
Ayisyen reveye n
Se pa enjistis, se pa divizyon, se pa mizè k' ka fè n pè

Carlo Desir!
Gonaïves tet dwat!

Nou pral pran endependans nou
Endependans sou san konsyans yo
Nou pral pran endependans nou
Sou sa ki pa vle peyi n mache yo
Nou pral pran endependans nou
Tout sa k pa dakò lekòl gratis yo
Nou pral pran endependans nou

Billy Prophète!

Respè pou yo
Lanmou pou yo
Sak te nwaye an 2004 yo (Haut Poteau, Raboteau)
Sa dlo pote an 2008 yo (Decahos, Bigeau)
(Mick Avin, nou pap travay an ven)
Onè respè pou yo
Lanmou pou yo
Tout sa ki ret vivan, yo tout se konbatan
Pou Ayiti pi djanm

Hey!
Fanatik, eya eya
Konbatan, eya eya
Dyaspora, eya eya
Ayiti Cheri, eya eya

Prezidan m si w bezwen konnen pwoblèm pèp la—pran lari a
Paleman se pa chita pale ranse—pran lari a
Jenn gason ki gen fanmi pou w okipe—pran lari a
Fanm vanyan w pa ka ret chita bwa kwaze—pran lari a
Pou'n chase strès, fò'n san konplèks
2014, tout Ayisyen pran pran pran pran lari a

Woy, nou pran lari a
Feguens, pran lari a
Woy, Anbyans pran lari a
Djakopaki pran lari a
Woy, nou pran lari a
Noel and Cecibon, pran lari a
Woy, Anbyans pran lari a

Di-di-di-di-dirijan si w bezwen konnen pwoblèm pèp la—pran lari a
Paleman se pa chita pale ranse—pran lari a
Jenn gason ki gen fanmi pou w okipe—pran lari a
Fanm vanyan w pa ka ret chita bwa kwaze—pran lari a
Pou'n chase strès, fò'n san konplèks
2014, tout Ayisyen pran pran pran pran lari a

Woy, nou pran lari a
Peter G, pran lari a
Woy, Anbyans pran lari a
Tanya Lemaire, pran lari a
Woy, nou pran lari a
Komandan Trecil, pran lari a
Woy, Anbyans pran lari a

Rhum Vieux Labbé
Rapidité Bank
Lakay Bar Restaurant

Tout moun ki sou stann yo, sa yo mande? anbyans Anbyans
Ou vinn nan kanaval la sa w vinn chèche? anbyan Anbyans
Djaz ki pa ka bay anbyans, rale kò w
Ou sou fè dezòd, rale kò w
Fè lè nan pakou, rale kò w
Lojistik pral rale w

Rale kò w, rale kò w (4x)

Unitransfer transfere m!
Woy, kite m danse Anbyans mwen (Gonaives dwat! Pa deranje mwen)
Anmwey, pa vinn gate anbyans mwen (Kite mwen pran ti plezi mwen)
Woy, kite m danse Anbyans mwen (Mwen di w pa deranje mwen)
Anmwey, pa vinn gate anbyans mwen

Tout moun ki sou stann yo, sa yo mande? anbyans Anbyans
Ou vinn nan kanaval la sa w vinn chèche? anbyans Anbyans
Djaz ki pa ka bay anbyans, rale kò w
Ou sou fè dezòd, rale kò w
Fè lè nan pakou, rale kò w
Lojistik pral rale w

Rale kò w, rale kò w (4x)

Plezikanaval!

Woy, kite m danse Anbyans mwen (Pa deranje mwen)
Anmwey, pa vinn gate anbyans mwen (Kite mwen pran ti plezi mwen)
Woy, kite m danse Anbyans mwen (Mwen di w pa deranje mwen)
Anmwey, pa vinn gate…

Si gen moun kap fè dezòd, rele lapolis
Si lapolis pa gen kòd, lapolis men machann kòd la
Men kòd...

[Guitar groove]

Bon m'diw sa deja...pa gen kanaval san Anbyans
Moman!

Si Black Frechè fè dezòd, rele lapolis
Men si lapolis pa gen kòd, lapolis men machann kòd la
Mare yo pou mwen!

[Guitar groove]
Carl Henry Boucher, silans total
Family Studio

Yves Leroy
Men istwa peyi a
Woy, men lekòl la
Elèv lekòl yo,
Woy, timoun men lekòl la

Pou n te pran libète n, nou te fè Bataille de Vertières
Nou pat pè!
Boulèt kanno, Capois La Mort di se pousyè
Nou pat pè
Rochambeau kanpe batay la pou l te ba nou respè
Nou pat pè
Gras a Henri Christophe, bati Citadelle Laferrière
Ayisyen reveye n
Se pa enjistis, se pa divizyon, se pa mizè k' ka fè n pè


Gonaïves tèt dwat!
Nou pral pran endependans nou
Endependans sou san konsyans yo
Nou pral pran endependans nou
Sou sa ki pa vle peyi n mache yo
Nou pral pran endependans nou
Mwen di sou chèn ki mare lespri n yo

Sunrise Airways

Pou'n te libere nou te inifye (Cafe Trio, Peintures Caraibes)
Se nan tèt kole…

Hey!
Fanatik, eya eya
Konbatan, eya eya
Dyaspora, eya eya
Ayiti Cheri, eya eya

Prezidan m si w bezwen konnen pwoblèm pèp la—pran lari a
Paleman se pa chita pale ranse—pran lari a
Jenn gason ki gen fanmi pou w okipe—pran lari a
Fanm vanyan w pa ka ret chita bwa kwaze—pran lari a
Pou'n chase strès, fò'n san konplèks
2014, tout Ayisyen pran pran pran pran lari a

Woy, nou pran lari a
Kesner Lavaud, pran lari a
Woy, Anbyans pran lari a
Pouchon Alliance, pran lari a
Woy! (Banm lokasyon pou m bwè)

Tout moun ki sou stann yo, sa yo mande? anbyans Anbyans
Ou vinn nan kanaval la sa w vinn cheche? anbyans Anbyans
Djaz ki pa ka bay anbyans, rale kò w
Ou sou fè dezòd, rale kò w
Fè lè nan pakou, rale kò w
Lojistik pral rale w

Rale kò w, rale kò w (4x)

Farah Nova!

Woy, kite m danse Anbyans mwen (Anbyans Recording)
Anmwey, pa vinn gate anbyans mwen (Chabon Cadet)
Woy, kite m danse Anbyans mwen (CJJ Montreal)
Anmwey, pa vinn gate anbyans mwen

Si gen moun kap fè dezòd, rele lapolis
Si lapolis pa gen kòd, lapolis men machann kòd la
Men kòd...

[Guitar groove]
Kay Angie (?)
Delins Bertrand
Devan pi rèd...