Reste Là • Kompasoul

ADDED BY TIZER (SEP 23, 2015 AT 3:38 PM) 25,169 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: No Rules
Year: 2015
Produced by: Peter M. Dumerjean

[Verse 1]
Jodi a met gason sou mwen pou m vin kote w
Fò m di w de twa mo
Pa gen anyen ki grav, se pa move nouvèl, ou pa bezwen pè
Senpleman lanmou sa a twòp pou mwen, fò m pataje l avè w
Pa fè m wont bebi, ou mèt louvri kè w
Mwen vin pou m rete, se dènye arrêt m

[Chorus]
Cheri ou mèt believe mwen
M ap mennen w jis kote menm rèv ou pa rive
Fèmen je w, lonje men w ban mwen
M ap montre w pa gen obstak ki ka rete n
Menm si w wè latè a ta pran tranble
Menm si w wè nivo lanmè a ta va monte
Ou pa bezwen pè non
M ap mennen w yon kote anyen pap ka rive w
Yeah yeah yeah

[Verse 2]
Depi m konnen w somèy se pi gwo phobie m
M pa vle pou lè m ouvri je m, m pa wè bò kote m
Se sa k fè m pa janm vle sispann fè lanmou avèk ou jouk li jou
Gen de fwa m chita, m pa menm ka rekonèt tèt mwen
Pou jan m konnen m te yon zonbi lanmou, ou fè m kwè nan lanmou

[Chorus]

[Bridge]
M gentan konnen w m pral di se gason mwen ye
Pa bliye se pa pi bon m pi bon k on lòt
Sèlman se kè m k ap pale
M pran angajman devan Bondye, pou m pa janm kite w

[Guitar solo]

[Hook]
Reste là, bouge pas
I don’t wanna be your part-time baby
Reste là, t’en va pas
When you coming home to stay?

[Verse 3]
Ou fè m panse yon lòt jan, vin wè lavi diferan
À toi reviennent les remerciements
Si yon moun ta vle défier colère mwen, oser fè l du tort
Eseye fè l du tort

[Hook]
Reste-là, bouge pas
I don’t wanna be your part-time baby
Reste-là, t’en va pas
When you coming home to stay?
Pa ale twò lwen, proche pi pre m

[Keyboard solo]

[Chorus]
Mwen fè tout vi m ap chèche on moun tankou w
Mwen menm ferme à l’idée moun sa pat egziste
Mwen resi jwenn ou
M ap rete anba vant ou

[Verse 4]
Tout moun konnen m son nèg ki pa manje anyen frèt
Ou se sèl moun lè w di poze, m kanpe sa sèk
M pa ka kache w anyen, ou konnen m de A a Z
Ou konn tout ti mès mwen, fòs mwen, feblès mwen
Avè w tout bagay klè, pa gen ti jwèt
E lè n desann anba menm, ou pa nan jwèt
M pa bezwen fanm materyalis, fanm ki renmen atis
Se ou Bondye ban mwen, tonè boule m m pa bezwen plis

[Chorus]

[Outro]
Gade ti fanm mwen an (ti fanm mwen an)
Li fè m parèt jennjan
Avè l m pa pè anyen, avè l m vize plus loin
Mesye nou mèt gade l, sa pa deranje m
Talè konsa se avè m l ap ye