Aparans • Disip

ADDED BY PHKATHIUS1 (SEP 24, 2016 AT 1:52 PM) 24,128 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Klere Yo
Year: 2016

[Verse 1]
S’on disip ke mwen ye
Mwen g'on liy pou'm kenbe
Men m'tonbe amoure
Yon moun pèsonn pata panse
Yon fanm ak chènn nan pye
Menm lonbrit ou pèse
Yo menm di'w twò dekole
Poutan cheri nan ou m’kole

[Chorus]
Aparans ou tout moun ap juje
Pandan yo pa konn kiyes ou ye
Tabak pou pip mwen
Baton vyeyès mwen
On dit: l’habit ne fait pas le moine
Ak fanm sila mwen pa janm gen pann
Se fanm doulè mwen
Manman mizè mwen

[Verse 2]
Yo dim fè chwa de ou
Se met vim ajenou
Tout se pawol moun fou
Telman doudou n’gen kontrol tèt nou
Gen sak dim egare
Menm panse m’chwazi on dejwe
Poutan se yo’k echwe
Paske futur nou asure

[Chorus]
Aparans ou tout moun ap juje
Pandan yo pa konn kiyes ou ye
Tabak pou pip mwen
Baton vyeyès mwen
On dit: l’habit ne fait pas le moine
Ak fanm sila mwen pa janm gen pann
Se fanm doulè mwen
Manman mizè mwen
Mizè mwen

Cheri ou bèl
Sa y’ap gade deyò a
Se pa li k anndan
Men li
Ann danse

[Hook]
Mwen jwenn yon fanm lè’l pale
La sosyete bat bravo pou li
Lè n’ap mache moun kanpe sou de ran
Pou yo ba nou ochan
Mwen ak li se egzanp
Nan chanm lanmou n’se lock
Mwen ak li se egzanp
Nan plum lanmou n’se lank

[Refrain]
Aparans ap prezante
Reyalite a ret kache
Sosyete ape juje
Tout sa yo wè’k modènize
An nou fè yo wè ke vrè lanmou stil egziste
Dèfwa y’ape kritike voye monte san enfòme

[Hook]
Mwen jwenn yon fanm lè’l pale
La sosyete bat bravo pou li
Lè n’ap mache moun kanpe sou de ran
Pou yo ba nou ochan
Mwen ak li se egzanp
Nan chanm lanmou n’se lock
Mwen ak li s’on bèl egzanp
Nan plum lanmou n’se lank

[Refrain]
Aparans ap prezante
Reyalite a ret kache
Sosyete ape juje
Tout sa yo wè’k modènize
An nou fè yo wè ke vrè lanmou stil egziste
Dèfwa y’ape kritike voye monte san enfòme

Woyy
Nou tres jeune wi la
Ici Gazzman Couleur
N’ap wè longè’m tou vivan
Cheri vinn danse
Disip
Nou gen jwè, nou gen jwèt