M'anvi Ri • K-Libr

ADDED BY THEMAN (AUG 5, 2015 AT 6:57 PM) 19,926 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015

[Refren]
M anvi ri ! Kite m ri ! Banm ri ! M ap ri
Lè m fin ri yo m tonbe ri tèt mwen
Lè m fin ri nou m tonbe ri tèt mwen

[Verse 1]
Kite m Griyen danm, ( li pa gen bonbon) m pa kwè se pou tout bon
Sa a sonw jwèt ! Konsa yo fèn pwan aransò pou janbon
Se lè Bouki fin fè filo yap wè Malis te sòt
Yo pwan nòt, kounya y tout vle fonw ti kout kou zòt
Sak difisil pou bourik se pase nan yon je zegwi
Men li fasil poul met vès Ak kòl poul dirije Ayiti
Ala on ti peyi. Men pa di mte di sak te la a pat fè anyen
Paske menm revèy an pàn bay bon lè 2 fwa nan yon jounen
Yo fout nou yon kalòt, yo din se yon marengwen yo tap tiye
Nou jwe tout boul ki egziste men bòlèt pa janm tire
Si lòm se pitit bondye Ayisyen dwe fè tès ADN
Sa nou fè ak tèt nou piti ke sa n fè a dèyè n
Nap vin pi pòv e nap pi plis mande tèt nou si nou pa priye twòp
Apre ke sou bèl « jeans » menm « True » religion yo pa pwòp
Si nou vle on mirak pou Ayiti, al vote nan piscine Bethesda ou byen Shalòm
Sof ke bilten an pi piti, e l gonw sèl kandida ki sonw Hypolyte pou chak sòm (psaume)

[Refren]
M anvi ri ! Kite m ri ! Banm ri ! M ap ri
Lè m fin ri yo m tonbe ri tèt mwen
Lè m fin ri nou m tonbe ri tèt mwen

[Verse 2]
Apre maswife nou fin monte ak makout nou
Tonbe nan yon Lavalas ki bwote tout Lespwa nou ale
Nou kite Manman poukont li n al pwan plezi Tèt Kale
Nou bwè kòb tchup kanaval kounya a tanbou lou
Nan ka sa a 5 plim pat sifi alevwa pou yon K
Nou fè Fusion Mopaw Mopam men sa mete n nan plis ka
Kandida nou yo gen bèl pwojè se sa k fè fòn vote yo
Yo tout ka devlope peyi a, men sèlman se sou foto
Renmen Ayiti Boukliye a se Respè Verite
Konviksyon pou Pitit Desalin ak petion fè Lapeh ak Inite
Nou devan yon lamè wouj sètfwasi Moise pap ka sove n
E dèyè n lame vwazen an ap pare pou atake n
Apre izolwa a saa rezilta a pwal anmè kou lalwa
Lè nou fin vote nèg ki pou vote lwa, se yo ki pap respekte la lwa
Lè aransò wè yo pap pwan l pou valab
Lal lage kòl nan chiktay kounya li monte tab tèt mab

[Refren]
M anvi ri ! Kite m ri ! Banm ri ! M ap ri
Lè m fin ri yo m tonbe ri tèt mwen
Lè m fin ri nou m tonbe ri tèt mwen

[Verse 3]
Lèw wè yo di fèmen baryè lè kabrit la fin pase
Se paske yo te bezwen vyann pou fè festen san peye
Politik se latrin pouw pa soti sal fòw gen papye
(Dyalòg ak on kamarad)
Tèt atè, dèyè anlè
On jenès konsa kisa ou ta vle l wè (apre fatra)
Mpa konn fouye moun, se sa k fè m pa di de men anlè
Nan mizik, se sak fè yo banm kanè.

[Outro]
Note: Men m pwal konteste kot CONATEL, paske fanatik yo banm decharge, e fòk yo reentegrem nan kous sou bann FM nan. Nap batay pou gen des emissions inclusives democratiques honetes et credibles.