Vini Non • P-Jay

ADDED BY THEMAN (JUL 2, 2015 AT 5:51 PM) 24,169 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Featuring: Lòlò
Lyrics by: P-Jay

Vini non vini non pou n pale
Pale kap mennen nou nan libète
Tèt a tèt,
Kè ak kè frè'm ak sè'm yo
Pran ti chèz ba pou nou pale

Vini vini vini Poun pale
Vini vini vini Poun koze

[Verse 1]
Sa son kout Ochan vre
AYIBOBO
Kiskeya ou boyo tanpri dim dim pouki sa chanje
Wi sa chanje
Fòk te gen ede pèp oui poun sa manje
Pandan still gen ayisyen st domingue kap mouri nan chan vre
Wi n'anjandre
Yo pap fè pa'n
Fòn goumen pou fyète pa'n
Si'n pwòpte pa'n
Pa bezwen pati nap viv byen sou pwòp tè pan
Pandan grangou ap detwi mass yo
Chak moun pèdi plas yo
Lot nasyon vle prann daso
Yo vle prann daso o
Men kout raso yo n'pote tras yo
Nouvèl non m'pa vle koutel
Kawotchou nou bouke boulel
Nap di l'union fait la force nou bouke di'l kounya fò n pwouvel

[Chorus]
Vini non vini non poun koze
Koze sila se nan tèt kole
Ou tande sa map di, mwen tande sa wap di
Pran ti chèz baw pou nou pale

Vini vini vini Poun pale
Vini vini vini Poun koze

[Verse 2]
Yeah frè'm vini nou fon ti pale
Kite panse vanse pandan nap brase mwayen pou retrason palè
Ayisyen natif natal men podjab la haine fè'n pa sanble
Chak kout raso gwo kout tanbou
Dance yanvalou fè'n rasanble
Ann kenbe men lòt ann ede
An kite lespwa grandi
Ansanm ann bati yon ti patri pou fiti'l garanti
Vini vini neg anm
Vini pou'n fon ti pale
Vini pou'n twoke lide wi pou peyi'n ka avanse

Ayayay ayayayayay (4x)

[Hook]
Vini non vini non poun pale
Pale kap mennen nou nan libète
Tèt a tèt,
Kè ak kè frè'm ak sè'm yo
Pran ti chèz ba'w pou nou pale
Vini vini vini pou'n pale
Pou'n pale koze a

[Outro]
Pour le drapo pour la patrie
Haiti cheri, nap di l’union fait la force
Nou bouke di l li lè li tan pou n pwouve l