Mwen Menm Avè W • Zatrap

ADDED BY GEN11 (NOV 26, 2015 AT 1:01 PM) 29,334 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015

[EMANOOX]
Ey cheriiiiiii,
Papi manoox bezwen'w pou'n pale
Si'n pa gen lòt zanmi, kòmanw panse nap ka rete fache
Se moman pou nou rale konsyans nou
Leve vi'n chita sou kwis chouchou
Pou nou pale'n rekonsilye
Jistan'n jwenn rasin pwoblèm nou
Sonje mèt la di lap vi'n kon'w vòlè
Bat pou'l pa vi'n jwenn nou an kòlè
Pou'n kenbe ansanm pwomès nou te fè
Tout pèn, pwoblèm yo
'n livre ak "cher Seigneur"

[REFREN]
Doudou nou tèlman damou
Nou pap kite
N'ap toujou ansanm
Tankou 2 pijon

[LEMÈB]
Ou pa pwatann,
Cheri'm pap mete'w ap tann
M sèmante ou sèl kinanm
Lè'm kotew'm santim flanm ohhh
Pa panse w'ap pèdi tan'w bèl
Lanmou sa la pou lontan bèl
Lanmou fè'm goute siwèl
M pèdi tè'm vle pouse zèl
Se pa fòt mwen cheri
Se lanmou k' pi gwo konplis
Afeksyon "honey"
Minote'm kon'w lapolis
Lè w touche'm vire an won
Lang ou fè'm pran gou janbon
Bebe'w son'w rapadou
Dousè'w rann mwen damou
Ou gen kredi sa w'ap toujou nan kè'm
Menm si'w pata la lanmou'n ap ret fèm

[LYWES]
Jou'm pa wèw cheri
Ala'm vle fou
Tanpri banm yon ti chans
Yon ti karès
Ti afeksyon pou'm pa mouri
Kameli, Kameli wa ban mwen lavi
Yon ti karès, yon ti bo sou bouch pou'm pa mouri

[REFREN]

[PASKAL]
Mwen menm avè'w
Se lanmou an pèsòn
Rele nou toyota paske'n soude kon'w pè kòn
Yo mèt rele'n san vègòn
Depi se pou lanmou pa gen rezon pou nou ta pè kò'n
Cheri vini, vini vi'n pran ka'm man
Siman se ou'k medikaman
Vin non, vi'n mete'm sou kalman
Sipòte'm moralman
Anmi anmi, anmi anmi anmi vin non
Anmi anmi, anmi anmi anmiiiiiiii

[HOOK]
Al chofe ti dlo pou tanponnen'm
Al kase ti fèy pou basinen'm
Ti manman se Ah
Ay nou jire lanmou sa pou lavi

Al chofe ti dlo pou tanponnen'm
Al kase ti fèy pou basinen'm
Ti manman se Ah
Ay nou jire lanmou sa pou lavi