Mwen Vle • Action

ADDED BY GEN11 (AUG 11, 2014 AT 12:18 PM) 27,614 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2014
Produced by: Adam Seitzman & Action
Lyrics by: Action

[Intro: guitar]

[Verse 1: ACTION]
Mwen ta vle pou'm wè lè m'ap mouri
Pou madan'm mwen bò kote'm
E'm ta vle kite anpil lajan, pou'l ede sa'k pa genyen yo
Mwen vle wé timoun nan peyi'm, yo ale lekol, E y'ap viv san kè kase
Mwen vle wè pastè yo sispann abize fidel
Pou legliz yo ka beni

[Hook: Action]
Mwen vle, Mwen vle, Mwen vle
Tankou yon bato ki prepare pou'l rakroche
Mwen vle, Mwen vle, Mwen vle
Tankou fanm ansent ki fini akouche
Mwen vle, yon kote pou mwen apiye
Mwen vle, yon bel fanm ki pou konsole'm
Mwen vle, Yon zanmi ki pap janm trayi'm
Mwen vle, mwen vle, mwen vle

[VERSE 2: EDDY]
Mwen ta vle pou egoyis fini, Lapè regne lajwa tou pa tou
Pou gason konn enpotans fanm yo, Pou sispann maltrete yo
Mwen vle lapè, Chanjman ak respè, Pou moun kap viv nan mizé
Mwen vle bonè, Kè kontan ak favè, Pou'n gen nan lemond antye
Mwen ta vle ipokrizi fini, Lang long avek tripotay
E'm ta vle medam yo konnen tou, Kò yo se pou mari yo, ooooo.

[Hook: ACTION]
Mwen vle, Mwen vle, Mwen vle
Tankou yon bato ki prepare pou'l rakroche
Mwen vle, Mwen vle, Mwen vle
Tankou fanm ansent ki fini akouche
Mwen vle, yon kote pou mwen apiye
Mwen vle, yon bel fanm ki pou konsole'm
Mwen vle, Yon zanmi ki pap janm trayi'm
Mwen vle, mwen vle, mwen vle

[ BRIDGE: EDDY]
Mwen vle yeah, ouh ouh ouh oh ouh oh ouh, yeah, non non non

[Verse 3: BLACK NELDY]
I tell'em........
Mwen vle pou malere gen aksè pou wè bote Ayiti.
Mwen vle pou medam Nigeria kidnape yo jwenn jistis.
Mwen vle bon edikasyon pou'n fè wout pitit nou demen.
Mwen vle fi pwan konsyans pou sispann di tout gason se chen.
Si se sa nou fè nap peye ki fè vi'n boule kou bwapen.
Mwen vle pou Bondye padone'n, mwen vle pou nou viv men nan men.
Mwen vle pou madanm mwen fidèl, pou'n tras'on ekzanp nouvèl.
Mwen vle wòch nan dlo kòmanse konn doulè wòch nan solèy.
Kisa'w vle? La pè mondyal, chèn solidarite se sa'm vle.
Ede timoun ki nan mal nutrition se sa'l ye.
Lanmò reyini rich pòv pouki se pa lavi.
Mwen vle solusyon pou inosan k'ap soufri, I tell'em.

[Hook: ACTION]
Mwen vle, Mwen vle, Mwen vle
Tankou yon bato ki prepare pou'l rakroche
Mwen vle, Mwen vle, Mwen vle
Tankou fanm ansent ki fini akouche
Mwen vle, yon kote pou mwen apiye
Mwen vle, yon bel fanm ki pou konsole'm
Mwen vle, Yon zanmi ki pap janm trayi'm
Mwen vle, mwen vle, mwen vle