Mwen Ta Renmen'w Di Mwen • Bobby Da Last 1

ADDED BY DIDIER (OCT 17, 2014 AT 10:27 AM) 21,774 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Lyrics by: Bobby Da Last 1

[Chorus]
Mwen ta renmen’w di mwen
Kòman mwen pral fè vi mwen
Si sistèm nan pa chanje kòman m pral fè pou mwen manje
Mwen ta renmen’w di mwen
Kòman mwen pral fè vi mwen
Si Haiti pa chanje kòman timoun yo pral manje

[Verse 1]
Tout vi’m pou Haiti men lè ladann m wè mpa itil
Men mwen oblije reziye’m paske se la Roslaine te pouse
Chak jou map pase tray, pou’m jwenn 50 goud fòm pase may
Chak lè mwen grangou mwen wè sa son’w tray ki nan vant mwen
Di mwen, eske vi sa pap janm chanje pou mwen
Eske leta pap janm panse pou mwen
Chak lèm manje se toujou nan goumen, di mwen
Tale madanm pitit sou kont mwen, doulèm pou kont mwen
Pa dat m gen vie kanè mpa gen mil goud sou kont mwen
Di mwen non di mwen non

[Chorus]

[Verse 2]
Si mwen santi’m tris, chak jou mwè lòt yo kap viv lix
Pandan bò kote pam kòmsi m wè mizè a vin plis
Map di please, se pa mwen ki te detwi Kris
Pouki se mwen sou late mwen ki toujou plis
Meprize, refuse, demand mwen refuse, yo meprize’m
Chak jou yo boykotem, yo imilie’m se sak fè chak jou m priye
Pou Jah Jah ba nou fòs – ak doulè’n yo
Pou Jah Jah ba nou fòs – ak soufrans yo
Pou Jah Jah ba nou fòs – imiliation’n yo, deception n yo
Pou Jah Jah ba nou fòs – ak doulèn yo
Pou Jah Jah ba nou fòs – ak chagren n yo
Pou Jah Jah ba nou fòs – ak maladi’n yo

[Chorus]

[Verse 3]
Di’m kòman m pral fè pou mwen viv
Si system peyi m nan pa ka banm on ling pou mwen swiv
Map still red gade avni’m kap pase
Pandan sak gen pasaj yo rete bwa kwaze
Son’w dal moun fou, yo prann tankou pen yo vle griye nou
Yo bliye tou sis a k’ nan mize te konn priye tou
Y’ap chache blan men m wè se pou tèt yo yap fouye tou
Se mwen ‘k pou diw janm santim
Lè di’w kem grangou pandan nan pòch mwen m pa genw santim
Mwen la map pase mizè vi lix mpa ka tizè
An Haiti menm sa ki pa chen pa pliziè
Dim non kòmanm pral fè poum manje
Si system nan pa chanje kòman m pral fè poum vanse
Nou gen tròp moun nan chomaj
Li lè pou pen ‘n gen fromaj
Nou tout vle viv, nou pa ka fè tout vi’n ap rann omaj

[Chorus]

[Outro]
Mwen ta renmen’w di mwen
Kòman mwen pral fè viv
Once again