Jou'w Pa La • Chris Jay

ADDED BY SNEVY (MAR 29, 2014 AT 1:32 PM) 35,132 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: EP Saj Tou Tan
Year: 2014
Featuring: T-Big
Produced by: T-Ansyto (Wave Master)

Jou'w pa la

[Chorus] T-Big
Jou'w pa la kisa m'ap fè
Paske m te gentan fin abitye
Mwen di Jou'w pa la koman m'ap ye
Paske m te gentan ap kòde
M pap gen moun poum rakonte rèv mwen yo ankò
M pap wè rezon fè m' egziste map stil wè m' antò
Ou s'on zanmi plis k'on fanmi
Pou mwen sa son kado
Ansanm n'ap konbat lavi a jiskaskel ba n' do

[Verse 1] Chris Jay
Han…koman map ye jou'w pa la
M' vle medite a prezan paske'm konnen jou a la
Pliske ou se tout pou mwen
Ou toujou la pouw trase wout pou mwen
Jouw pa egziste m'ap santi lavi a bout pou mwen
Non…Nan tout sa map fè ou toujou konseye ‘ m
Menm sa mwen ta sipoze kache w, m pat konn sere w
Lavi se konsa l' ye nou chak gon le poun detache, trepase
Map oblije aksepte l' pase son etap m' dwe pase

[Chorus] T-Big
Jou'w pa la kisa m'ap fè
Paske m te gentan fin abitye
Mwen di Jou'w pa la koman m'ap ye
Paske m te gentan ap kòde
M pap gen moun poum rakonte rèv mwen yo ankò
M pap wè rezon fè m' egziste map stil wè m' antò
Ou s'on zanmi plis k'on fanmi
Pou mwen sa son kado
Ansanm n'ap konbat lavi a jiskaskel ba n' do

[Verse 2] Chris Jay
Absans ou pral rann mwen febli paske w se fòs mwen
Chagren le le w pap la se ak tout doule atròs mwen
Di m' non ou soutni m nan vi an komsi ou te boss mwen
Jouw pa la map paralize, koz ou se che se ou ki os mwen
Listren, m pa ta vle w ale kitem pou kem pa chaje regrè
Sim ta konn le lanmo pral pase bo kotew map ret prè
Paske m' realize perdu w' se tout perèz
Ou se sel moun kem fe konfyans e mwen pa kache sekrè

[Bridge ]T- Big
Jou w pa la m' pap santi byen
Map santi chagren nan tout ke mwen
Paske ou se tout poou mwen hooo
Jou'w pa la map santim vle mouri

[Chorus] T-Big
Jou'w pa la kisa m'ap fè
Paske m te gentan fin abitye
Mwen di Jou'w pa la koman m'ap ye
Paske m te gentan ap kòde
M pap gen moun poum rakonte rèv mwen yo ankò
M pap wè rezon fè m' egziste map stil wè m' antò
Ou s'on zanmi plis k'on fanmi
Pou mwen sa son kado
Ansanm n'ap konbat lavi a jiskaskel ba n' do