Mal • Mizik Mizik

ADDED BY NATOU (OCT 3, 2014 AT 3:38 PM) 18,357 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Paradi Nan Lanfè
Year: 2008

[Verse 1]
Eske nou kapab pale, kou 2 moun te ka pale,
San ke ni mwen ni ou pa pè tonbe.
Lè kagoul la pa maske ou, revolvè a pa nan men ou,
Si’w pa wè ni mwen ni ou sanble ?
Lè gran bòs la kòmande moun pou al egzekite,
Eske bon lanj ou pa tranble ?
Wape snife malpwopte pou fòse realite
San ou pa sonje demen se yon frè w’ ki ka tonbe.

[Chorus]
Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite.
Yo panse ou ka kraze, brize.
Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite.
Ou du mwens yo toleran.

[Verse 2]
Wap fete ak zanmi ou ranson fin separe kou an realize,
Fanmi viktim ap kryie, tout moun se dlo nan je.
La vi gen yon pri ke pèson sou la tè pap jan ka fin peye,
Ou kon kouri, ou pa kon kache, wi devan Bondye.

[Chorus]
Si pèson pa janm pale paske yo pè di verite (2)

[Bridge]
Li lè li tan pou ou panse,
Ke nan la vi sa tou sa ou fè se li men ke ou wè,
Lè ou fin touye fò ou prepare ou pou ou krye.
“Se la loi de la nature zanmi, hahaha”

[Chorus 2]
Kote ou banm kou a fèm mal, ou kraze zanmi mwen
Kote ou banm kou a fèm mal, ou detwi manman mwen
Kote ou banm kou a fèm mal, ou fan fwa papa mwen
Kote ou banm kou a fèm mal.

Nan chak fanmi gen yon poto mitan,
Depi ou frape l’ se kay la ou vide
Se avni peyi a ou likide
Eske ou ka responsab yon zak konsa.

[Chorus 2]
Kote ou banm kou a fèm mal, Nou van tout sa’n genyen
Kote ou banm kou a fèm mal, tout fanmi’m yo vin pòv
Kote ou banm kou a fèm mal, menm timoun pa epanye
Kote ou banm kou a fèm mal.

Sa ta fè m’mal si m’wè ou tonbe ;
Sa ou seme se li ou rekolte.
Si ou pa tande m’, si ou pa koute m’, an verite,
Mwen wè se sak ka rive.
(2x)

Yo pwal di m’ te wè sa pou ou.
Mwen pap kite kou sa pou ou.
(2x)