Klòch La Sonnen • Ti Jo Zenny

ADDED BY TIZER (DEC 8, 2014 AT 11:12 AM) 18,104 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Christmas With The Stars: Bèl Kado Nwèl
Year: 2008
Produced by: Fabrice Rouzier
Lyrics by: Joseph "Ti Jo" Zenny

[Verse 1]
Eske n’ap fè vi n ap plenyen
Eske n’ap fè vi n ap goumen
Eske se vre n’pa ka renmen
Eske n’ap fè vi n ap jije san jamè aprann padone
Eske n pi fò nan kritike
Oh oh, klòch la sonnen pou ni ou ni mwen zanmi
Kote nou ka pale lè minwi sonnen

[Chorus]
Leve (mwen di leve)
Leve leve
Woy leve
Fò je w klere la a

[Verse 2]
Chak jou w tande moun ap mouri
Chak jou w tande on lòt trajedi
Eske se tan latè k fini
Klòch la sonnen pou n repanti zanmi
Tout bagay ka chanje si nou pare pou n rekòmanse

[Chorus]
Leve (mwen di leve)
Leve leve (Mwen di woy level leve frè mwen)
Woy leve
Mwen di w leve
Leve leve
Woy leve
Se jou k’ap pase fò w deside

[Bridge]
Avan minwi sonnen fò n chase la haine
Ranplase tout mechanste ak bèl zetrenn
Avan minwi sonnen fò n chase rancune
Efase tout egoyis, pote lanmou pou tout moun

[Hook]
Woy se Noël frè m, an nou fete
Mezanmi an nou fete tande
Woy se Noël frè m, an n selebre

[Verse 3]
An nou pa pè rekòmanse
Li pa twò ta pou n repare
Se la Noël, an n profite
Tout sa k fache rekonsilye

[Hook]
Woy se Noël frè m, an nou fete
Jou sa a Kris la te vi n sove n
Woy se Noël frè m, an n selebre
Ala bèl li bèl, ala bèl fèt sa a pral bèl

Klòch la sonnen, li sonnen
Blen gen deng blen gen deng se

[Hook]
Klòch la sonnen bleng bleng

Ye…debouche chanpay la pou mwen
Klòch la sonnen

Les grands mangeurs et les grands buveurs, vous êtes servis
Se pa ti bèl sa bèl lè nou tout rasanble, lè Noël ap selebre

[Hook]
Klòch la sonnen bleng bleng

Ey nonm ak gwo plat la la a, rale kò w
Gade misye k’ap pran manje met nan plat li
Epi l met sòs ladan l tou wi

[Bridge]

[Hook]
Woy se Noël frè m, an nou fete
Di m kisa k pi bèl zanmi
Woy se Noël frè m, an n selebre
Bleng gen deng, bleng gen deng
Minwi sonnen wi la a, sa l ye

[Hook]
Klòch la sonnen bleng bleng

Alo Rools, yo rele sa bèl kado Nwèl