Cap-Haitien Je T'aime • Richie

ADDED BY MASAKADIE (FEB 20, 2015 AT 3:41 PM) 24,197 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: One Decade Later
Year: 2009
Produced by: Jean-Hérard Richard (Richie)
Lyrics by: Jean-Hérard Richard (Richie)

Richie
Cap-Haitien
True Love menm aprè lanmò

Mwen grandi nan yon vil dous tankou on mango fil
Se Cap-Haitien chèche konnen’l
Fè konesans lanmou, tchaka ak doukounou
Se la m premie tande cheri, se peyi Smoye Noisy, Wysline

Cap-Haitien cheri
Kèlkeswa sa’m ye kèlkeswa kote mwen rive
M oblije di n’ mèsi ayay
Cap-Haitien cheri
Si lang nou mode Capois yo nou pa bezwen fache
Se de nou map pale

Prochèn fwa nou wè yo tanpri akeyi yo
Se moun yo ki konn lanmou
Yo pa bezwen konnen’w pou diw bonjou – true
Prochèn fwa n’ tande yo tanpri frèm pale yo
Son’w konpleks de lang nou genyen
Se ka yo ki pale’l pi byen

Mwen gon’w pwoblèm nan kè
M oblije al wè doktè
Fè radiografi, nou konn janm pè demagoji
Lè doktè di mwen Richie, si’m retire’l wap mouri
M mande doktè Juno sa kèm genyen?
Li di’m Cap-Haitien aya

Cap-Haitien cheri
Kèlkeswa sa’m ye kèlkeswa kote mwen rive
M oblije di n’ mèsi ayay
Cap-Haitien cheri
Si lang nou mode Capois yo nou pa bezwen fache
Se de nou map pale

Prochèn fwa nou wè yo tanpri akeyi yo
Se moun yo ki konn lanmou
Yo pa bezwen konnen’w pou diw bonjou – I’m telling you
Prochèn fwa n’ tande yo tanpri frèm pale yo
Son’w konpleks de lang nou genyen
Se ka yo ki pale’l pi byen

Lakay anm

Ah ah ah ah
Ala traka

Mèvèy pou mwen se solèy lalin
Se lavi lasante, la naissance d’un bébé
Lèm chita nan ri 21 ak tout zanmi’m yo
Si se pou bagay lè zòm bati sitadèl la te ka parmi les premiers
Eske se paske n’ sonw peyi pòv
Kisa pou’m di’w ankò

Oh oh oh oh oh oh
Je T’aime Cap-Haitien
[2x]

Mèvèy pou mwen se solèy lalin
Se lavi lasante, la naissance d’un bébé
Lanmou nan kè nou youn pou lòt
Si se pou bagay lè zòm bati sitadèl la te ka parmi les premiers
Men se paske n’ sonw peyi pòv
Ohh oh ohhh

Oh oh oh oh oh oh
Je T’aime Cap-Haitien
[2x]

Check it out
Te konn pran zoklo
Nan men tonton "TOTO"
(kote kito)
Tonton Eddy, pale Althieri
Premye ti djazz mwen jwe
Se te "Power-X"
Si w kwe'm manti mande "Regraphix"

Herve Bastien Ronald Sam Nicolas
Lesly, Gaby, Monpoint avek Ti Yves Leroi
Ronald Stephene, Nixon, Tifayo
Fred Lamour, Peurmon, Etissau, Abachi, Pelo
(Lakay yanm)
San'n pa bliye Jackito(oh no'w)
Frandy, Guy Bonds...

Tout nom'n pa di yo, Yo nan ke'm
Mizik sa pa tap fini
Aya!!!