Enèji Nou Sanble • Zafem

ADDED BY COLORLOVE (JUL 9, 2023 AT 11:11 AM) 274 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: L.A.S.
Year: 2023

Mwen te konnen nou te soude
Menm lè n te de etranje
Li te klè ke nou pral pataje
Yon bagay serye

M pat bezwen wè loraj gwonde
Ret tann siyal yon mesaje
Pou m te konnen ke nou pral anbake
Nou se de nanm ki pare

Pa di m ekzajere
Pa sezi si yon jou m ta va di ou
Ou se ezakteman pòtre sila
Ki fè m kwè m ka fidèl

Son okazyon ki prezante l
E mwen pa vle fe kou rate
Paske si mwen ta wè w nan bra yon lòt vivan
M konnen m ap malere

Bienvenue Felisite
Granmèt la rich an bonte vre
Si l lakòz je m ak je w kontre
Men m nan men w m ap danse

Nanpwen pi bèl bagay ke sa

Lanmou sa vle fè tèt mwen pati
Wete mwen nan lavi bay manti
Lanmou sa vle fè tèt mwen pati
Ayayay
Ayayay se pa pawòl manti

Manvi rete kote w rete
Pou n pran boulva a pou nou de
Tan an m ta rekòmanse
Kouri dèyè w pou nou jwe

Se pou di mwen lè w t ap leve
Ki kote w te konn ale
M anvi nou ale a de
Pou n al revizite

Konsa’m ye lem fe fol damou
Lanmou sa vle fè tèt mwen pati
Wete mwen nan lavi bay manti

Lanmou sa vle fè tèt mwen pati
Ayayay se pa pawòl manti

M konnen w ka fè kèk eksperyans
Kontre ak lòt nèg san konpetans
Men w pa bezwen fè m retisans
Mwen konn bay fanm enpòtans

Ou pa ta kwè se ou m t ap tann
M rete tann ou ak pasyans
Kè mwen te swap ou lontan
Li pran twòp dezè twòp savann

M pap eseye eseye konprann sak pase
Gon w fòs ki prann ki mennenn la
Mwen fè w konfyans menm si m poko wè l fè sans
Wi’m fe la vi konfyans
Kot lanmou voye mwen mwen prale
Mwen vle ale ale
Kot lanmou voye mwen mwen prale

Si w ta mande m eksplike
Sa ki ban mwen konfyans sa
Mwen konn plas mwen te rezève
Anvan viann te kouvri zo n kò n te mare
Enèji m avèk pa w sanble
Pa gen aza ni chans nan randevou womans

M pap eseye eseye konprann sak pase
Gon w fòs ki prann ki mennenn la
Mwen fè w konfyans menm si m poko wè l fè sans
Wi’m fe la vi konfyans
Kot lanmou voye mwen mwen prale
Mwen vle ale ale
Kot lanmou voye mwen mwen prale

Si w ta mande m eksplike
Sa ki ban mwen konfyans sa
Mwen konn plas mwen te rezève
Anvan viann te kouvri zo n kò n te mare
Enèji m avèk pa w sanble
Pa gen aza ni chans nan randevou womans