Poko Pare • Gabel

ADDED BY PHKATHIUS1 (FEB 17, 2022 AT 1:14 PM) 1,176 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: BENI
Year: 2022
Featuring: Rutshelle Guillaume
Lyrics by: Athlet St. Fleur & Rutshelle Guillaume

[Verse 1: Flav]
Se verite lè m di w m renmen w
Men se pa yon rezon
Pou lanmou sa tounen yon fwèt
Santiman pa peche
Jan w viv avè m montre a klè
Lasosyete wè ke relasyon'n g'on fòs kote
Fò n pran responsablite nou
Mwen avè w nou te de zanmi
N wouze lanmou jouk li grandi
Fòs nou se te konpatibilite n
Anyen pat ka separe n
N te toujou ap souri
M pa vle kwè se te yon manti
Ke mwen avè w se pou lavi
Kounyea nou pa menm ka pale
Neglijans ou koz nou pèdi tout konplisite n

[Chorus]
M poko pare pou n kite
There is no way, never
M poko pare pou n kite
There is no way, never

[Verse 2: Rutshelle]
Mwen konnen g on pil bagay mwen fè w ki pa sa bb
Gen anpil vye mo mwen di w pou w ta kite sa
Mwen fè w sispann souri
Dlo nan je w mwen mete
Mwen fè w paka dòmi
Tout lannwit w ap panse
Men cheri kounyea m reyalize
Ke san ou lavi mwen pap dire
Men cheri kè m ap dechire
Mwen sonje nou
M ap mande w padone mwen

[Chorus]
M poko pare pou n kite
There is no way, never
M poko pare pou n kite
There is no way

If you know, you know
I got you

There is no way, M poko pare
There is no way, M poko pare

[Hook]
M pap ka kite w ale
Kote m pran kè pou m soufri
Ou deja gate m pou lavi
M pap ka kite w ale
Kote m pran kè pou m soufri
Fò w bò kote m pou m souri

[Bridge: Flav]
Ou konnen w bon pou mwen
(M pap kapab)
Se nan bra w m santi m byen
(M pap kapab cheri)

[Rutshelle]
Ou se sèl moun ki tolere m
Ki konn tout feblès mwen

[Hook]
M pap ka kite w ale
Kote m pran kè pou m soufri
Ou deja gate m pou lavi
M pap ka kite w ale
Kote m pran kè

Hehey
Yo gen djaz nou gen òkès
Rutshelle
Gabel
Nou refè l ankò

[Hook]
M pap ka kite w ale
Kote m pran kè pou m soufri
Ou deja gate m pou lavi
M pap ka kite w ale
Kote m pran kè pou m soufri
Fò w bò kote m pou m souri