M’pap Fè Silans • Zafem

ADDED BY COLORLOVE (JUL 9, 2023 AT 10:53 AM) 293 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: L.A.S.
Year: 2023

Si’w mande’m kote m’te ye
Map di’w mwen te la’m tap gade
M’tap gade ale yo

M’pap fè silans lè’m son vwa’k pou chante
M’pap tann balèn etenn pou’m al fè penitans
Se pandan’m ap viv mwen anvi
Pou’m profite bay pèp plezi
Si g’on erè’k te fèt m’ korije’l

Mwen toutou kontan tande lèzòm k’ap di
Mikwo pa’m nan pèsòn lot moun pa ka etenn li
Gen koze’k ka fon nonm fremi

Trè rekonesan ak lavi
M’m la jous misyon’m fini

G’on bann bèl melodi’k poko chante
G’on bann lòt bèl sijè pou nou al devlope
Je’m klè pouki’n di m’ap dòmi
Pè las la ap travay pi di
Pou yon nasyon ki fi’n degringole douvan’n

Ayisien, Reveye’n
Nou pap met lanp nan kay
Pou aveg non

Si’w mande’n kote’m te ye
Map di’w mwen te la’m tap gade
M t’ap gade ale yo

Si’w mande’n kote’m te ye
Map di’w mwen te la’m tap gade
M t’ap gade ale yo

Sa’m obsève fè mwen ka pale konsa
Yon pakèt jèn serye talan yo ka klere tout kote
Pi fò nan y’ap gade sa’k sot laba
Poutan’m wè etranje fin anvayi zile ya

Si’w mande’n kote’m te ye
Map di’w mwen te la’m tap gade
M t’ap gade ale yo

Si’w mande’n kote’m te ye
Map di’w mwen te la’m tap gade
M t’ap gade ale yo

E si tout fwa gen nan nou k ta bliye sa
Peyi sa gen listwa’l yon patrimwan
Ki fè’l sa’l ye sa
Si jodiya’n devye nou ka korije sa
Gen lòt je k’ap gade ann evite plis dega

Gen lòt je k’ap gade
Gen lòt je k’ap gade
Gen lòt je k’ap gade

Gen lòt je k’ap gade
Gen lòt je k’ap gade
Gen lòt je k’ap gade
Gade gade gade gade

Pa chèche byen lwen byen lwen byen lwen
Ayiti gen richès toujou li enspire lanmou lanmou

Port salut, plen detay
Jeremie, bo lakay
Nou pral okay, plen detay
Saint Louis du Sud, se bo lakay
Nou sot Jakmèl, plen detay
Lewogan nou pase gresye, bo lakay
N’chita kafou , plen detay
La citadelle, se bo lakay

Pa chèche byen lwen byen lwen byen lwen
Ayiti gen richès toujou li enspire lanmou lanmou

La nan ti peyi sa
Lakayan lakayan nou

Peyan’m gen kongo, plen detay
Peyan’m gen petwo, bo lakay

Respekte laviya nan Peyi ya, plen detay
Kiskeya ou Boyo gen detay, se bo laay

Lòtbò gen rit pa, plen detay
Ak yon indantite yo, bo lakay

Respekte lavi ya nan peyi ya, plen detay
Kiskeya ou Boyo, Se bo lakay
Cite ak Gonayiv, plen detay
Potoprens, bo lakay

Zone rapid

Gen lòt je k’ap gade

Nou pa gen problem lanmou
Se lang nou