Sekirite • Mass Konpa

ADDED BY ME (AUG 7, 2022 AT 12:07 PM) 1,402 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2022

[Verse 1]
Ayay Ayayay (x2)
Ou fè ladiferans
Pa gen pwoblèm ou pa solisyone
Pa gen tristès ou pa ka konsole
Gade lavim jodi a
Ki non m tap pote siw pat la?
(Mwen pa konnen)
M santim beni, Oh mèsi
Bondye pa janm bliye pitit li
Ou se rekonpans mwen

[Refrain 1]
Sekirite mwen jwenn nan ou
Se garanti ak tout avnim
Sekirite mwen jwenn nan ou
Se konviksyon tout pwoteksyon
Ou fè ladiferans

[Verse 2]
Pa gen viktwa ou pa ka ranpòte
Pa gen pwojè ou pa reyalize
Gad valè tan mwen pèdi
Ki kotew te kache, ki peyi?
(Mwen pa konnen)
Èske son byen ke m te fè ki retounen pou mwen?
Se sa m kwè
Ou se rekonpans mwen

[Refrain 1]
Sekirite mwen jwenn nan ou
Se garanti ak tout avnim
Sekirite mwen jwenn nan ou
Se konviksyon tout pwoteksyon
Ou fè ladiferans

[Refrain 2]
M san mwen asire
Asire, vyeyès mwen asire
Laj te mèt ap monte, m pa pè, m pa pè
Asire, vyeyès mwen asire
Maladi mèt met pye, m pa pè, m pa pè
Asire, vyeyès mwen asire
Lajan mèt ap bese, m pa pè, m pa pè
Asire, vyeyès mwen asire

Mwen gen yon bon bagay nan menm, kitem fete

[Piano lead]
Lele, lele, lele, lele lele

[Refrain 2]
M san mwen asire
Asire, vyeyès mwen asire
Laj te mèt ap monte, m pa pè, m pa pè
Asire, vyeyès mwen asire
Maladi mèt met pye, m pa pè, m pa pè
Asire, vyeyès mwen asire
Lajan mèt ap bese, m pa pè, m pa pè
Asire, vyeyès mwen asire

Mwen gen yon bon bagay nan menm, kitem fete

[Piano lead]
Yele, lele, lele, lele lele

[Refrain 1]
Sekirite mwen jwenn nan ou
Se garanti ak tout avnim
Sekirite mwen jwenn nan ou
Se konviksyon tout pwoteksyon