Le Plein • Zafem

ADDED BY ZOKLO (AUG 5, 2023 AT 6:08 PM) 956 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: LAS
Year: 2023
Produced by: Dener Ceide
Lyrics by: Dener Ceide

[Verse 1]
M f on pi tan nan on lòt peyi m ap konte jou pou nou kontre
N ap imajine jou nou pral wè ankò wè ankò
Li pat fasil lè nostaji fè kè n lou vle m tounen zonbi
M anvi goute sèl ou k pou ban mwen ban mwen lavi
Se pa moun mwen pa kontre ni lòt bote m pa kwaze
Men youn pa vibre m, m pa konekte
Menm lè m ta eseye prezans ou tankou on lwa chevoche m
Cheri w se fanm, se fanm ki gen kle badji m

[Chorus]
Lakay se la m prale m pa ka rete – ou m prale wè
Doudou mwen – cheri m prale wè
Danmijann mwen
Lakay se la m prale, m pa ka rete
Doudou mwen, danmijann mwen

[Verse 2]
Ou konnen tout sa mwen renmen
Tout sa k bon nan bouch sere yo pou mwen
M espere w mete w a pwen
Paske lè w anba douch ou pa pral fè koken
Lè jou a rive wa prepare w pou n al fè le plein
Se lè n n ap konte pou n ale - wa prepare w pou n al fè le plein

[Chorus]

[Verse 2]

[Keyboard Solo]
Ou se zafè m
E menm lavi pa ka vin pran w nan men m, nan men m

[Chorus 2]
Hasta manana mi amor – vini chèche m
Hasta manana mi amor
Hasta manana mi amor – vini chèche m
Hasta manana mi amor

[Verse 3]
Mwen prepare on lanmou k - move
Yon panyen k plen afeksyon – san presyon
Mwen prepare on lanmou k move – move
Mwen swete l ba ou frison – se vre sa
Mwen pral fè ou pral fè m tou – move
Ou pral jwenn avè m doudou – san presyon
Mwen pral fè ou pral fè m tou – move
Se de byen k pral jwenn doudou – se vre sa
Pa ka tann avyon sa dekole

[Chorus 2]
Hasta manana mi amor – vini chèche m
Hasta manana mi amor
Hasta manana mi amor – vini chèche m
Hasta manana mi amor

[Verse 3]
Mwen prepare on lanmou k - move
Yon panyen k plen afeksyon – san presyon
Mwen prepare on lanmou k move – move
Mwen swete l ba ou frison – se vre sa
Mwen pral fè ou pral fè m tou – move
Ou pral jwenn avè m doudou – san presyon
Mwen pral fè ou pral fè m tou – move
Se de byen k pral jwenn doudou – se vre sa
Pa ka tann avyon m nan dekole

[Keyboard Solo]
Cheri ou se zafè m zafè m