Jou Dega-Medjy

Genre-Konpa
Year-2023
Produced By-Medjy
Lyrics By-Medjy
[Intro]
Jan m te di m patap jan m
Boule a moun sa vre non

[Verse 1]
Siye je w men w gen rezon wont
Sa k fèt hm genlè te gen kont
Ou pa sonje jan w te prese pou lage m nan
Jan ou t ale a ou te gen pou w tounen menm jan
Ou bouke avè l e kounya w bezwen plis
Lavi w anmè ou bezwen on ti epis
Pa gen problèm nou ka fè de twa bèl moman
Men w gentan wè moun ou kite a pa menm nan

Jan m te di m patap jan m
Boule a moun sa vre non

[Verse 2]
Ou kite on bèl modèfòkè bèl bab tèt kale
Vakabon santi bon bèl blak toujou fre
Vin mande padon mete w ajenou di misye bonjou
Pase l on kle kou epi mete l nan bouch ou
Ou kite on bèl modèfòkè bèl moun bèl bijou
Moun sa te gen plan pou ou men w son moun fou
Men w gentan konprann jan ou fè l la Jan ou fè l la

[Chorus]
De soulye depaman
Diven melanje a kleren blan
Men dwòlman gen jou m santi w konplete m
Jouk lè w komanse degoutan hmmm
Nou ka fè plizyè jou kè kontan
Nou ka fè twa san swasant jou
Men sin fon bilan sou tout ane a
M paka bliye senk jou dega w fè yo

[Verse 3]
Si sa se lòv pouki mwen santi m prizonye
Si l pa dire konnen m pa vreman dezole
Ou pran fòs mwen ou mete l nan on kwen w izole l
Tout rale m rale m pa fouti dekole l
Kisa ke w fè di m kisa w mete nan pye m
Ki fè yo mare lè se lè pou m ta tou jete m
Dieu tout puissant fon bagay pou ti pitit ou
Ki fèk pran nan on bèl vye problèm

[Chorus]
De soulye depaman
Diven melanje a kleren blan
Men dwòlman gen jou m santi w konplete m
Jouk lè w komanse degoutan hmmm
Nou ka fè plizyè jou kè kontan
Nou ka fè twa san swasant jou
Men sin fon bilan sou tout ane a
M paka bliye senk jou dega w fè yo

Siye je w men w gen rezon wont
Sa k fèt hmmm genlè te gen kont
Ou pa sonje jan w te prese pou lage m nan
Jan ou t ale a w te gen pou w tounen
Gen pou w tounen
Gen pou w tounen
Gen pou w tounen
Menm jan an

[Keyboard Solo]
Oh sa w konnen bebe a gen nan men l
Anyen serye
Anyen non

Jan m te di m patap jan m
Boule a moun sa vre non

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

Singer, rapper, songwriter, comedian, social media content creator, Kelly Krow wears so many hats that it's almost certain that you've come across his work either on a music or a social media platform...
W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

Joé Dwèt Filé dropped his debut À Deux last week and sold out his first-ever concert at La Cigale. Is it all hype? Short answer: no. Long answer? Here's how @JoeD...
W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

Since Nathalie Cerin released her first two studio singles, Ti Nèg Chèlbè and Bèl Tifi, we've been waiting for a complete project from her. It's finally here, and ...
D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

Episode 1: Jean Winer Pascal We're excited to launch Nannan Podcast. We'll be having candid conversations that get to the heart of music with our favorite songwriters, artists, musicians, producers...
W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016

2016 was an epic year for the HMI. We mourned over a few break ups and celebrated new beginnings. Throughout these ups and downs great music came flowing through our speakers faster than we could cons...
Join Our Haitian Lyrics Community & Earn Rewards!

Become a contributor and share your favorite lyrics

Not only will you get to contribute and connect with other music lovers, but every time you add lyrics, you earn points! celebrate the beauty of Haitian music while unlocking awesome benefits. The more you contribute, the more you earn! Don't miss out! Be part of a community where your love for music pays off!
hero

What's Wikimizik

WikiMizik explains Creole music songs. Konpa, zouk, kizomba, racine, kanaval. You name it.Jam to your favorite tunes. Share the lyrics and your interpretation of your favorite lines. Just click the line and add your explanation. It can be a couple of sentences, a picture, or a video. Or all three.Anyone can create an account. And anyone can comment on other explanations.We know what's gibberish to some is deep to others. Together we'll tell the hidden story in every lyric, slogan, and shoutout. It's simple...
  • 01Add Songs
  • 02Add Explanations
subsc