Lanmou Bò Katedral • Zenglen

ADDED BY ZOKLO (OCT 6, 2022 AT 2:32 PM) 640 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Victorious
Year: 2022

[Chorus]
Lanmou bò katedral gad jan li fè mal
Yon lanmou krizokal gad jan li fè mal
(2x)

[Verse 1]
Mwen prezante w bay zanmi ak fanmi
Mache bay tout moun garanti
Devan lasosyete ou anbarase m
Pa gen dlo ak savon pou lave m
Desizyon sa pèson pa padone m
Mwen panse m te achte bon lò
M ap mache fè djòlè pale fò
Poutan se te yon krizokal
Mwen pran nan lanmou bò katedral
Gade mizè mwen

[Chorus]
Lanmou bò katedral gad jan li fè mal
Yon lanmou krizokal gad jan li fè mal
(2x)
Gade mizè m, gade m mizè m
Woy lanmou sa son byè cho – ou met kage l ou paka bwè l

[Keyboard]
Men konpa
Se pa ti wont mwen wont oh
Gade mizè m, gade m mizè m
Woy lanmou sa son byè cho – ou met kage l ou paka bwè l

[Chorus 2]
Ou fè m wont wont wont
M ap travay Miami w ap pran plezi w Dominikani
Ou fè m wont wont wont
Ou di m twòp ensekirite fò w pati al etidye
Ou fè m wont wont wont
Poutan ou tout kote wap pran plezi w wap paweze
Ou fè m wont wont wont
Gad jan w fè m wont

[Verse 2]
Chak jou son diskisyon, ou toujou gen rezon
Lespri mwen pa fil a plon
Gad jan m pran nan flè ak sezon
Tout kote mwen pase moun ap ri ap gade
M inosan mwen pè kou chat
Pou verite pa jete m atè plat