Kay Blan • Wendyyy

ADDED BY ME (JUN 4, 2022 AT 10:43 PM) 964 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Patron - EP
Year: 2022
Featuring: BIC & Vanessa Désiré

[Wendyyy]
Se pa lè pou n kay blan
(Se pa lè pou n kay blan)
Se pa lè pou n kay blan
(Se pa lè pou n kay blan)
Se lè pou m lakay
Map manje pwason
Lè pou m a bag mwen
Map koule bwason
Se lè poum nan mitan janm
Yon bèl marabou
Poum ap moutrel sa yo rele gason
Se pa lè pou n kay blan
Ann ale, ann ale
Se pa lè poun kay blan
Se lè poun antre poun rekonstwi lakay
Se pa lè pou n kay blan

[Vanessa Désiré]
Ann ale nan plaj yo
Ann ale nan mòn yo
Ann akonpanye peyizan yo
Pou nou pwoteje richès yo
Ann ale nan plaj yo
Ann ale nan mòn yo
Ann akonpanye peyizan yo
Pou nou pwoteje richès yo

[Verse 1 - Wendyyy]
Yow, m gen nostalji
M santi m anbete
Se lè poum an jwa
Poum santi m nan gete
Lè poum antre
Poum santi m lakay
Poum santi m au soleil
Poum santi m an ete
M gentan planifye
M gentan fè bidjè
Tout bagay kalkile
M gentan konn pri biyè
Fò m al mete men lakay
Pou yo rekonstwi, nenpòt jan
Fòm ale poum al kontribiye
Se pa lè pou m isi
M kòmanse krake
Lè poum lage banm
Kòmanse tate
Alo patron! M bezwen konje
Poum kòmanse shopping
Poum kòmanse pakè
Se lè poum ale
Poum al manje pistach griye
Kasav a l’eau
Poum al manje diri
Poum al manje lalo
Poum al manje pate kóde
Mange griyo
Poum al manje lokal
Poum al manje bio
Ann ale, Ann ale
M konn chagren an, nou lib
Bouke sou pi mal
Ann bal sak gen nan nou
Ann bal tout nou menm
Nou dwel sa n gen nan nou
Li bezwen m, li bezwen w,
Li bezwen chak grenn nan nou
Li posib an nou fèl
Pandan kòl fèmen
Ann met men ann ouvèl
Nou bezwen lanmou
Nou bezwen inyon
Nou bouke tande dram
Nou bezwen bon nouvèl
L’Union fait la force
Nou bezwen montre
Ouvè Avyon an
Nou bezwen monte
Nou fatige
Mesye dirijan pran responsablite w
Nou bezwen antre

[Wendyyy]
Se pa lè pou n kay blan
(Se pa lè pou n kay blan)
Se pa lè pou n kay blan
(Se pa lè pou n kay blan)
Se lè pou m lakay
Map manje pwason
Lè pou m a bag mwen
Map koule bwason
Se lè poum nan mitan janm
Yon bèl marabou
Poum ap moutrel sa yo rele gason
Se pa lè pou n kay blan
Ann ale, ann ale
Se pa lè poun kay blan
Se lè poun antre poun rekonstwi lakay
Se pa lè pou n kay blan

[Vanessa Désiré]
Ann ale nan plaj yo
Ann ale nan mòn yo
Ann akonpanye peyizan yo
Pou nou pwoteje richès yo
Ann ale nan plaj yo
Ann ale nan mòn yo
Ann akonpanye peyizan yo
Pou nou pwoteje richès yo

[Verse 2 - BIC]
Ayiti gen 1327 Km de côtes, 34 ti il
Nou gen solèy, nou gen tè, nou gen van
Nou gen lanmè e tout ka itil
Nou se sèl peyi sou planèt la ki ka fè mango fransik
Nou nan achipèl dè zanti
Nou chita nan gueule golf du Mexique
Anh, santi bon koute chè
E se an Ayiti ki gen pi gwo vetivè
Kleren ou an pi bon ke vodka
Ou pa kwèm? Al goute yon ti vè
Nou s on bann afriken ki gen foli li nan Koran
N ap pèdi tan pandan kanal di van ka bay
Tout karayib la kouran
Se nou k gen manje bio
Pi bon tè, pi bon kafe, pi bon kakawo
Pi bon legim, pi bon diri, pi bon lalo, pi gwo lakou
Pi gwo tanbou pou n kata wo
Epi Lwi Chadonyè
Gen pi bon rezen sou latè
Sa vle di nou ka fè bon diven
Divès kalite pwodwi
Tankou lwil maskreti k ka ede ayisyen sispann penpennen
Se nou ki bay libète te, te
Se nou menm ki enspire fyète te, te
Nou gran, nou bèl, nou se bote te, te
Piman ou an pi bon pase tout kote te, te
Sou richès nou pou nou kote te, te
Lanmou avèk fratènite te, te
Dyaspora se pa lè pou n nan te, te, te, te, te, te

[Wendyyy]
Se pa lè pou n kay blan
(Se pa lè pou n kay blan)
Se pa lè pou n kay blan
(Se pa lè pou n kay blan)
Se lè pou m lakay
Map manje pwason
Lè pou m a bag mwen
Map koule bwason
Se lè poum nan mitan janm
Yon bèl marabou
Poum ap moutrel sa yo rele gason
Se pa lè pou n kay blan
Ann ale, ann ale
Se pa lè poun kay blan
Se lè poun antre poun rekonstwi lakay
Se pa lè pou n kay blan

[Vanessa Désiré]
Ann ale nan plaj yo
Ann ale nan mòn yo
Ann akonpanye peyizan yo
Pou nou pwoteje richès yo
Ann ale nan plaj yo
Ann ale nan mòn yo
Ann akonpanye peyizan yo
Pou nou pwoteje richès yo

[BIC]
Mwen manje gèp sou fè twonpèt
Tizon Dife a pi cho
Le pauvre est celui qui ignore sa richesse
Bilolo Congo