? (Pwen Entèwogasyon) • CRXZY LXCX

ADDED BY ANSY06 (FEB 21, 2021 AT 10:21 PM) 807 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2021
Lyrics by: CRXZY LXCX

Kidonk m pran MIKWO A
Verite sèlman k pral pale nan STIDYO A
Anh ou pito adore sa ki BIBLO A
Olye w met lafwa w, met espwa w nan TRIYO A ?
Haha haha ha
M ap mande n zanmi pa m fon prete m ATANSYON N
Mwen son doktè, m pral kontwole CHAK TANSYON N
M son tijèn, lespri m pèdi nan PARKINSON, eyy
Nou NENPÒT LAN, lavi nou ENPÒTAN kou yon ALFABÈT
M bezwen KAKAWÈT
Hein hein ! M'son ENDYEN K vle PENGWEN kou zanana, eyy
Siw ap jije sou bote, al gade labèl AK LABÈT
M'ap viv AK MAL TÈT
Plezi a se nan tonm ou l ye men domaj ou pap ka ale ak MADADA, eyy
Tijèn yo pa ka jwenn LEKÒL, eyy
Pou yo kriye, pa gen ZEPÒL, eyy
Sa k resi jwenn li, pap vini paske gon fòkè kap bay pwoblèm se MÈT PÒL, eyy
Asasen ka toujou MET KÒL
M ap vann konsèy, vin ak DE BÒL
Lajan fè n konnen vrè zanmi, zanmi ki gen valè PETWÒL
TÒK TÒK
CRXZY LXCX, LESPRI'M FÒKTÒP
AN N FOUT MET LAVI N OPWÒP
N ACHTE VERITE AK FO KÒB
FÒKTÒP, M FÒK TWÒP
JOUNEN JODIA PI GWO TANTASYON N SE BÒ... haha ha, eyyy
Nou tout gen pou nou MOURI
Santi bon gen pou l POURI
M fin pran poul, gen poul POU FRI
Lespri nou TOUTOUNI
Se sa k fè nou paka panse ANKÒ
Eske nou konnen M. LANMÒ ?
M. Lanmò pa konn bay TANMÒ
W ap gen rezon si w dakò W ANTÒ
LEZI, TOUT MOUN NAN PEYI A KREZI
PLEZI VIN SÈL FÒS NOU, NOU VIN SAN DEZI
M SON POWÈT, KIDONK M VIN VANN NOU PWEZI
AN N SISPANN BATAY ANTRE NOU, AN NOU VIV PEZIB

Haha ha, yo, mei
M swete nou chanje mantal nou
An n sispann gad moun sou aparans
Bann moun fou
Eyyyy, yah, mei

Dezyèm chapit
M pral pale sou GOUVÈNMAN
Pa di lòt SE GRAPYAY
Ou pap konn sa DEGA BAY
Men w ap gen MEGABAY SOU W FÈ PLAN
Ha haha ha hahaha
Zanmi w ka pot pwazon POU FÈT LAN
Jovnèl Moyiz choute SOU TÈT KAN
Bondye gen chatiman POU TRÈT LAN
Tout moun ap di pa gen leta nan PEYI A
Malgre gen kapòt, nou stil fout nan VIH
Bay le monde entier, n ap ranvwaye VYE IMAJ
Lontan n te wo, kounya n pi ba ke PAYS-BAS
Sa k ap pase nou konsa ?
De jou an jou n ap fè BAK
De jou an jou, lavi chè ap fè tout jenès la lage nan fè vye ZAKKK
Nan bay mato, ou vin VÒLÈ
Ou vle gen lajan, olye w fè biznis, ou jwe BÒLÈT
Pastè, kisa w regle ak LAKÒLÈT ?
Revandike dwa w, pa kite pyès moun vin FÒ W PÈ
Bal ap sonnen chak jou ke Bondye METE
Nou prefere goumen olye nou FETE
Nan vizaj nou se tristès, pa gen GETE
Konsève sa k bon, sa k pa bon pou n JETE, eyy
Souvan m nan blakawout, donk pa gen KOURAN
M ap mouri grangou pandan w ap jete MANJE
Fidèl legliz stil ap konsilte OUGAN
Nan geto, grangou reprezante gwo DANJE
EVITE, EVITE, EVITE chwazi nenpòt vye moun pou n fè vin DEPITE
Yon lavi miyò, se sa nou tout MERITE
Prezidan, sispann bay manti, bay VERITE, eyy
M REBITE, M DEBITE
Kilès ki panse l KA FINI ?
Peche nou, Bondye AP PINI
Nou vle rive men n PA INI
Depi lapli tonbe, peyi a KRAZE
Labou anvayi menm machann nan MACHE
Majorite nan nou se GWO VISYE
Nan plas chanpay, nou vle bay DLO PISE
Kounya m pa santi m ansekirite malgre bò kote m fout gen yon POLISYE