Mwen Poko Jwenn Li • Kreyol La

ADDED BY DIDIER (DEC 9, 2020 AT 11:51 PM) 2,049 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Emotion
Year: 2020
Featuring: Rutshelle Guillaume

Hey hey hey oh oh oh

M konn met on mayo w te ban m jou fèt mwen
Met pafen prefere w sou mwen
Pou mwen ka pase jounen m avè w nan mind mwen

Hey hey hey oh oh oh

Si m ta di w kijan sa deranje mwen
Lè m gade mesaj m ekri w
Men m biye m te bloke w ou nan kontak mwen
Men se ou ki te di m sa se ou ki te di m sa
Ke lavi a ban m yon lòt

Men m poko janm jwenn moun sa – eh eh
Mwen poko janm jwenn moun sa – eh eh
M pa konn si lavi a chanje sa
Men anatandan se poko sa
Men m poko janm jwenn moun sa – eh eh
Mwen poko janm jwenn moun sa – eh eh
M pa konn si lavi a ban m chans sa
M poko jwenn yon moun m renmen konsa
M poko jwenn li

Pou m dòmi fò m gad foto w bò tèt mwen
Vlope ak zorye w nan bra m
Pou m ka santi lodè w kite sou dra mwen - eh eh oh oh

Si m ta di w kijan sa deranje mwen
Lè mwen wè pou m fè kòmsi
Men m pa imajine yon lòt nan plas mwen
Men se ou ki te di m sa se ou ki te di m sa
Ke lavi a ban m yon lòt

Men m poko janm jwenn moun sa – eh eh
Mwen poko janm jwenn moun sa – eh eh
M pa konn si lavi a chanje sa
Men anatandan se poko sa
Men m poko janm jwenn moun sa – eh eh
Mwen poko janm jwenn moun sa – eh eh
M pa konn si lavi a ban m chans sa
M poko jwenn yon moun m renmen konsa
M poko jwenn li

Mwen jwenn moun renmen m poutan
Men cheri e pa menm nan

[Keyboard Solo]
Isi Kreyol La tout moun konn rès la
Men bon bagay la
Ruth
Jo
Yo fè l e yo pral di nou fè l
Poutan e pa menm nan
Mwen poko, poko jwenn li
Lè foli a pran m m di koze m di koze a

Le foli a pran m, m pran pòz pale pale m
Pou aprè sa m delete li
Lè m fini m ekri yon liv yon paj jounal
Ke tikè te ka ekri
Anatandan m sere lanmou nou yon ti kote espesyal
Pou lè n manke moso m a pran tikal wa pran tikal
Le foli a pran m, m pran pòz pale pale m
Pou aprè sa m delete li
Lè m fini m ekri yon liv yon paj jounal
Ke tikè te ka ekri
Anatanda m sere w nan kè m tankou on tibwat sekrè
Pou lè n razè lanmou ma pran tikal wa pran tikal

[Keyboard]
Ruth
Joe
Yo pral di nou fè l wi
Se zen silvouplè
Poutan e pa menm nan

Mwen poko
Poko jwenn li


BIOGRAPHY
  • Kreyol La est une formation musicale haitienne, jouant exclusivement du Compas, le rythme haitien le plus populaire, dans toutes ses variantes et toutes ses couleurs.
    Créée en 2005, á Pétion-Ville, Kreyol La est le fruit de certains membres issus du groupe Konpa Kreyol. Au début des années 2000, Konpa Kreyol était considéré, á raison, comme le porte-parole par excellence de la jeunesse haitienne, ce qui lui a valu le pseudo "Jazz La jenès la". Dans un ton original, alliant rigueur et humour, et utilisant la cadence tantôt douce tantôt " up tempo " comme courroie de transmission, Konpa Kreyol savait relater les problèmes des jeunes et de la société, en générale, avec art et méthode.