5 Metres 50 • FLESH

ADDED BY PHKATHIUS1 (AUG 30, 2019 AT 4:11 PM) 3,257 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2019
Produced by: Michel Yves Clement (Bodo)
Lyrics by: Michel Blaise

[Intro]
Flesh
It’s a brand new one
5 mèt 50

[Verse 1]
Depi’m piti m’tande
Dèyè chak mònn gen anpil gwo mònn
Se pasyans ak kouraj k’ap montre’w sa
Se vre'w ka konn kouri
Sa pa vle di ke’w konn kache
Depi’w mal pozisyone n’ap detekte’w

[Verse 2]
Lavi genyen revè
Sa’w fè sou latè se li’w wè
Menm de zye nan tèt ou souvan konn twonpe’w
Gade’w pase tout vi ‘w ap fè abi, fè moun kriye
Flèch la deside jodia fò’l pike’w
Forè yo chaje jibye
E nou se fran chasè
Depi’w mal pozisyone n’ap debranche’w

Van
Dirije flèch la nan bon direksyon
Van nan forè a
Atansyon tonnè
Pou flèch la pa pike’w
Dobodo lage
FLESH (5 mèt 50)
Gad on dwèt
Konpa konpa
FLESH (5 mèt 50)

[Bridge 1]
Se pa tout zwazo’w wè k’ap vole
Pou’w konprann ou ka kase zèl li
(Fò’w panse a konsekans yo)
Demen lè tè a cho
Se menm zèl sa’w ka bezwen pou’w vole
(Fò’w panse a konsekans yo)

[Hook]
N’ap kanpe byen lwen n’ap vize’w, se…
(Flèch nan tchou aw)
Ti blòdè se ayy, fchh flèch nan tchou aw
(Flèch nan tchou aw)
Dèyè mònn, nan twou wòch, sa pa gade’m
(Flèch nan tchou aw)
Ti blòdè se ayy, fchh flèch nan tchou aw
(Flèch nan tchou aw)

[Bridge 2]
Jodia pouvwa’w nan men’w ou panse ou ka fè e defè
(Fò’w panse a konsekans yo)
Demen lè pouvwa’w fini, kwè’w si’w vle’w pral nan kouri
(Fò’w panse a konsekans yo)

[Hook]
N’ap kanpe byen lwen n’ap vize’w, se…
(Flèch nan tchou aw)
Ti blòdè se ayy, fchh flèch nan tchou aw
(Flèch nan tchou aw)
Dèyè mònn, nan twou wòch, sa pa gade’m
(Flèch nan tchou aw)
Ti blòdè se ayy, fchh flèch nan tchou aw
(Flèch nan tchou aw)

Ranje kò’w ti gason
Pou flèch la pa pike’w
Makiki abrite’w

Eyalala
Eyalala

[Refrain] 2X
Flèch la ap detire
Depi’w mal kanpe ou pa epanye
Nan fè nwa oubyen dèyè mònn nan
Flèch

[Bridge 3]
N’parèt ak tout ponyèt gonfle
N’pa vini pou'n voye monte
Byen ame, nou pare
Tout sòlda yo gentan abrite
Nou antre nan yon sèl misyon
Bay tout sa'k pa dwat pinisyon
Sa'k vin jwe, k’vin ranse
K’pa vle mache sou kondisyon

[Refrain] 2X
Flèch la ap detire
Depi’w mal kanpe ou pa epanye
Nan fè nwa oubyen dèyè mònn nan
Flèch