Se Ou • Regi

ADDED BY TIZER (MAY 1, 2014 AT 4:10 PM) 32,381 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2013
Produced by: TMD
Lyrics by: Reginald Toussaint, Medjy

[Verse]
Tankou 'on ti chyen kape jwe mape kouri dèyè w baby
Tankou 'on ti chat nan mawon wape kouri pou mwen cheri
Mwen s'on bebe ki bezwen tete chak jou
Yon ti poul nan mayi ki finn fou
Kè w s'on forè lanmou m'ap pèdi ladann toujou

[Verse]
Tankou 'on lapli ki tonbe konsa w ka mete dlo nan je
Tankou jaden ki fleri konsa w ka fè kè mwen kontan
Si ou kite m m'ap mouri nan desepsyon
Ret avè m m'ap kouvri w ak afeksyon
Kè w s'on forè lanmou m'ap pèdi ladann toujou

[Chorus]
Se ou k paradi m
Se ou k lanfè m
Se ou k Bondye m
Se ou ki Lisifè m
Ou ka fè m byen lè ou vle
Ou ka fè m mal jan ou vle
Ou ka fè m sa w vle, lè w vle, jan w vle

'Kou 'on ti chat nan mawon

[Verse]
Yon jou beni ki rive Bondye te kreye fanm sila a
Menm si mwen se yon pechè mwen ta renmen bo li yon fwa
Lè moman sa a rive m'ap konnen mwen gen espwa
Menm si tè sa a sonbre nan fè nwa
Mwen konnen m'ap toujou ka wè ak limyè lanmou

[Chorus]
Se ou k paradi m
Se ou k lanfè m
Se ou k Bondye m
Se ou ki Lisifè m
Ou ka fè m byen lè ou vle
Ou ka fè m mal jan ou vle
Ou ka fè m sa w vle, lè w vle, jan w vle

[Bridge]
Menm si yo pa vle nou renmen
Kite m di w 2, 3 mo
M'konn pouvwa ou gen sou mwen
Men m'pa mande w fè mwen kado
Renmen mwen, m'ap trete ou byen
Kite m pwouve w lanmou mwen gen pou ou

Bypass Studio
Oh oh, yeah

[Chorus 2]
Ou sou jwe lago, cheri w'ap jwe lago
Baby m'pa sou jwe lago
Oh, oh, oh-oh
(2x)

Ou kouri pou mwen pase ou banmwen yon ti love
Yon ti love, se sa selman m'mande w
Ou kouri pou mwen pase ou banmwen yon ti love
Yon ti love…

Ou sou jwe lago, cheri w'ap jwe lago
Baby m'pa sou jwe lago
Oh, oh, oh-oh
(2x)

Jwèt nan men w wi, Ti Pas
Ti Michel, ou renmen sa
Bon bagay