Ti Bebe • Zenglen

ADDED BY ZOKLO (MAR 27, 2020 AT 4:51 PM) 1,028 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2007

[Intro]
Sake ay! Koman nou ye?

Ay!! Tande Yon istwa mezanmi
You manmi ki g on sèl tifi
Olye pou l ta montre l lavi
Li chita ap kenbe l di (Li chita ap kenbe l di)
Tifi nan dezafi rele, Ouwo, ouwo, ouwo
Mennaj li komèt imprudence
Genlè l pat fè comdom konfyans
Après 3 mois vant pran gonfle
Manman tonbe rele (manman tonbe rele)
You sèl piti Bondye, noo
Gad jan avni gache

Pandan gwosès anpil presyon
Paran tonbe fòme yon seleksyon
Yo pat vle fè edikasyon
Lè l akouche y ap goumen pou bebe

[Guitar Solo]
Wey papa, antouka m ap sib
Depoze konpa se sa
Zenglen
Chanje konpa, woy
Pozo m give up
Rekòmanse
Kot koral la, chante

[Chorus]
Paran eduke timoun yo
Devwa nou se prepare yo, o,oo, o, oo
Avan nou di yo pa fè sa
Fò n di yo kisa k gen nan sa
Pou yo pa repwoche n pita

Ay! Mete pitit fi ou chita
Mete piti gason w chita
Fòk ou kapab pale l
Danje k gen na vi sexuel
Nan yon peyi moun pa menm ka manje
Evite gwosès premature
Ak tout vye maladi
Sex san kontwòl pwodwi, oo manman

[Chorus]

[Hook]
Ay! Granpè ap kriye, pou bebe eya, pou bebe
Ay! Granmè ap kriye, pou bebe eya, pou bebe
Granpè ap rele, pou bebe eya, pou bebe

Woy! Yo pat vle fè edikasyon, ah!
Tout lajounen y ap bay presyon ah!
Yo pat menm la nan akouchman ah!
Se bon zanmi ki te prezan ah!

[Hook]
Kounya y ap kriye, pou bebe eya, pou bebe
Ay! kounya y ap rele pou bebe eya, pou bebe
Responsabilité

[Horns]
Konpa konpa konpa wèl
Fè van pou ti bebe a
Gade w sezi
Zenglen depoze konpa
Woy, yo pran m

[Guitar Solo]

Kounya n pral pale ak granmoun yo
Paran tande wi!
Pale timoun yo (Pale yo)
Fò n edike yo (Mete yo chita)
Pale timoun yo (Prepare yo)
Fò n edike yo

Kounya se timoun yo
Fò n koute paran (Koute paran nou tande)
Yo te la avan (Yo te la avan nou)
Fò n koute paran (Chita tande yo tande)
Yo te la avan

[Richie]
Ti Bebe, Lè l mande w bibon
Ti Bebe, Fò w ba l bibon
Ti Bebe, Lè l mande w tete
Ti Bebe, Fò w ba l tete
Ti Bebe, Talè l pra l di w fout
Ti Bebe, fout pa mo a
Ti Bebe, adverbe de renforcement

Ti Bebe, manmi pa la
Ti Bebe, papi pral vini
Ti Bebe, ba titit
Pou bebe eya, pou bebe