Histoire Cachée • Toxic

ADDED BY GEN11 (FEB 11, 2014 AT 8:48 PM) 30,480 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2008

Chak moun gen yon “histoire cachée”
[Keyboard solo]

Mmmm o e, oooo

Gen fwa gen de kesyon k poze, men repons yo pa janm rive
Pou kenbe yon stabilite gen detay k'antere
Tout verite pa bon pou di, wi sa tout moun dakò sou li
Pou evite wè lòt soufri, n'antere l pou lavi
Pase kwè mwen gen verite ke tout moun pap ka sipòte
Gen sa ki mennen kè sere
Gen sa k met dife nan fwaye
Ou met gen tout “bonne volonte”
W'aji en tout senserite
Sou wout ou règ sa a aplike
Wi chak moun gen yon “histoire cachee”

Gen moun mwen tande k'ap pale ki di se eksepsyon yo ye
Yo pa gen anyen pou kache
Tout bò nan vi yo devwale
Men lè w gad pa anba, pa pale papa
Pou yo kache l deye yon dra, pran pòz se lòt ki la bet nwa
San menm fè entèwogatwa, ka tonbe sou yon pakèt istwa
Defwa pou yon moun reyisi, ka sezi wè mwayen l chwazi
Konbyen sèman d'amou k brize
Ak doub idantite k kreye
Si m'pran site, n'pap janm kanpe
Chak moun gen yon “histoire cachée”
Wi yon “histoire cachée”

[Guitar solo]
Ou menm, mwen menm
Nou tout dakò sou sa
Istwa kache pa manke sa
Menm gen kesyon pou non
Tande

He, Se pa tout bagay lòt la vle di
Men “au nom” de lanmou ke w gen pou li
Eske w pare pou gade l nan je, di'l “c'est du passé”
Eksplikel kèkle swa sa l ta ye, lanmou pap janm chanje
Gade'l nan je, di l “c'est du passé”
Gen sityasyon k mande pou saj
Pou sa w bezwen pasyans avèk kouraj
Gade'l nan je, “c'est du passe”
Wi sa ka rive ti kè w sansib
Men gen bagay ki “irreverisble”
Sa pou fè se just gade'l nan je,
Pou fè l konnen “Sa pap chanje!”

Ricky fè yon konn sa

[Keyboard solo]