Grèv Bèbè • Zenglen

ADDED BY PHKATHIUS1 (MAY 12, 2018 AT 10:39 PM) 28,674 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: No Dead End
Year: 2018
Lyrics by: Wilky Saint Hilaire (Kikko Lyrixx)

[Verse 1]
Gen moun pou'l revandike
Li fè grèv li jan li vle
Gen moun se lari a yo pran
Gen lòt pou'l fè'w konprann li
Li joure, li tire pye
Gen moun se grève de faim yo fè

[Chorus]
Nan fwaye lakay mwen
Lè madanm an mwen move
Li fè twa jou'l pa pale
Sa se yon grèv bèbè
Sou mwen'l fè anpil efè
E manmzèl konnen sa byen

[Verse 2]
Dèfwa mwen konn sa mwen di
Dèfwa mwen konn sa mwen fè
Dèfwa m'pa menm konn pou kisa
Grèv bèbè sa konn dire
E li fè'm mal jouk nan zo
Pito'l te joure'l te babye

[Chorus]
Nan fwaye lakay mwen
Lè madanm an mwen move
Li fè twa jou'l pa pale
Sa se yon grèv bèbè
Sou mwen'l fè anpil efè
E manmzèl konnen sa byen

Son silence est puissant et même tout puissant

[Keyboard]
Zenglen life time guarantee

Oh non (7x)
Li di pou mwen
Li fè mwen malad

[Hook]
Gad'on grèv oh, gad'on grèv oh
Li gen twa jou li pa pale
S'on grèv bèbè k mande anraje
Gad'on grèv oh(nwit blanch)
Gad'on grèv oh ( too much)
Li gen twa jou depi'l boude
S'on grèv bèbè k'ap fini avè'm

[Bridge]
Bagay sa du pou mwen
Bagay sa du pou mwen
Malgre tou m'eseye pou'm pa rive fè li fache
Son pyèj ki tann pou mwen
E mwen pran ladan li souvan
Erè'm yo pa twò gwo
Men m'fè yo detanzantan
Bagay sa du pou mwen
Bagay sa du pou mwen
Nenpòt ti kont nou gen, te gentan pa pale
Lèswa lè'l al domi ak pantalon fas li nan mi
Grèv sa pot anbago
Nwit blanch yo menm se agogo

[Hook]
Gad'on grèv oh (nwit blanch)
Gad'on grèv oh (too much)
Li gen twa jou li pa pale
S'on grèv bèbè k mande anraje
Gad'on grèv oh, gad'on grèv oh
Li gen twa jou depi'l boude
S'on grèv bèbè k'ap fini avè'm

[Keyboard]
Oh ala mizè pou mwen

Oh non (7x)
Li di pou mwen
Li fè mwen malad