Ti Fozi • Beljazz

ADDED BY TIZER (MAR 15, 2015 AT 5:19 PM) 20,071 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Van Vire
Year: 2008
Produced by: Ralph Menelas
Lyrics by: Ralph Menelas / Jean Rony Dorvil

[Skit]

[Verse]
Se pa pou bèl non, yo rele l fozi
Oh, li pale sa l pa wè, li melanje tout sa li wè
Moun toujou di jan m vire avè l
Men li pa apresye sa non non
Jodi a m'abandone, madanm ak tout pitit ban m do, y'ale
Pou yon zanmi ke m te konfye

[Verse]
Ou menm k'ap tande, wa pran sa pou leson
Yon bon patnè ki te tankou yon frè
Nan tout pwogram se nou, bèl anbyans se nou
Se li k'arive trayi m
Tout sa nou fè l'al rakonte, mete madanm mwen sou 3 ling
Fè l tande ti zanmi k'ap eksplike sa n te fè nan moman foli

[Keyboard solo]
Oh, yon toujou di se bon zanmi w ki trayi w
Oh, apa se te vre?
Alo Luco Désir, le compas

[Chorus]
Ou toujou nan rakonte, ou dekontwole
Ou pa mezure, w'ap depoze
W'ap kraze fwaye
Ou s'on ti fozi

[Verse]
Bon zanmi pa vann nan mache
Si l te konsa, m'ta chwazi zanmi m san defo
Ki pap trayi m, mache pale m mal, ban m kou nan do
Wi m'konnen tout sa ki enemi m, men Bondye proteje m kont zanmi m yo
Si nou nan menm baz, n'ap bwè ansanm, fò m ka fè w konfyans

[Chorus]
Ou toujou nan rakonte, ou dekontwole
Ou pa mezure, w'ap depoze
W'ap kraze fwaye
Ou s'on ti fozi

[Verse]
Si bon zanmi te vann nan mache
Mwen t'ap pran san m chwazi zanmi m san defo
Ki pap trayi m, mache pale m mal, ban m kou nan do
Wi m'konnen tout sa ki enemi m, men Bondye proteje m kont zanmi m yo
Si nou nan menm baz, n'ap bwè ansanm, fò m ka fè w konfyans

[Guitar solo]
Wou...Ralph Menelas
Konpa...Marie, pleine de grâce.
Ein hein, se sa w rele zanmi an?
Hahahaha

[Chorus]
Kisa ki zanmi?
Se sa w rele zanmi?

Alo BS, se sa l ye

[Chorus]
Kisa ki zanmi?
Se sa w rele zanmi?

[Keyboard solo]
Epi djaz la bèl tou wi
Manman...
Yalalaa
Konpa
Yalalala
Lè w di m non m Pipo

[Chorus]
Woy papa, anmwey papa
Woy, sa s'on defo ti fozi
Woy papa, anmwey papa
Woy, gad jan on malè pandye sou tèt ou

[Verse]
Sispann siveye rakonte
Ou pap ka fè tout vi w nan kout mal taye
Pa gen anyen ke yon nonm fè ke w pa peye
Pare pou fè fas ak konsyans ou fozi,
Menm si w pa jwe bòlèt, yon jou afè w gen pou l malatchong

[Chorus]
Woy papa, anmwey papa
Woy, sa s'on defo

[Chorus]

Ou toujou nan zen

[Chorus]

Hahaha w'a rete
Hmmm...
Madichon