Sex Friend • Gabel

ADDED BY PHKATHIUS1 (NOV 7, 2019 AT 7:06 PM) 8,182 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2019

[Intro] 2X
Oh non non non
Pa rele'm

[Verse 1]
Mwen te vle fè tout vi mwen ave'w
Men se pat janm sa'k te nan panse'w
Ou maltrete'm, derespekte'm, drive'm tout kote
Manti sèlman'w ban'm
Pouki se lè'w bezwen itilize'm
Ou chèche kote'm ye, ou sonje'm egziste
Pwomèt mwen mariaj pou toujou
Men kounyea ou vle mwen devni sex friend ou

[Chorus] 2X
I'm not your sex friend
I am not your sex friend
I'm not your sex friend

[Verse 2]
Mwen sonje lè nou te fenk kwaze
Ou te fè'm santi ou tout bon vre
Vire tounen'w telefone'm, mande kijan'm ye
Ou pat jamè lage'm
Malgre tout sa se pat janm verite
Ou t'ap mennen avè'm vrèman yon vi kache
Tout pwojè'm avè'w yo rive gache
Men kounyea ou vle mwen devni sex friend ou

[Chorus] 2X
I'm not your sex friend
I am not your sex friend
I'm not your sex friend
 
[Hook] 2X
Pou mwen, nan vi'm ou s'on echèk
Se pa sa lavi ban'm kòm chèk
Ou s'on leson m'ap medite
Fò'm evite'w pou'm ka rive

[Bridge]
Soufrans yo pat fèt pou mwen sèl
Yon jou fò lavi'm parèt bèl
Manti pat fèt pou mwen sèl
Yon jou fò'm wè lavi'm vinn bèl
Rèv mwen se gen yon moun nan vi'm
Ki konprann mwen, k'pap neglije'm
Ki pap ban'm manti, pap fè'm soufri jouk tan lavi fini

[Hook] 2X
Pou mwen, nan vi'm ou s'on echèk
Se pa sa lavi ban'm kòm chèk
Ou s'on leson m'ap medite
Fò'm evite'w pou'm ka rive

[Bridge]
Soufrans yo pat fèt pou mwen sèl
Yon jou fò lavi'm parèt bèl
Manti pa fèt pou mwen sèl
Yon jou fò'm wè lavi'm vinn bèl
Rèv mwen se gen yon moun nan vi'm
Ki konprann mwen, k'pap neglije'm
Ki pap ban'm manti, k'pap fè'm soufri jouk tan lavi fini

[Chorus] 2X
I'm not your sex friend
I am not your sex friend
I'm not your sex friend