Poukisa • Koneksyon

ADDED BY TIZER (MAY 1, 2018 AT 10:16 AM) 9,912 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Chapitre 1
Year: 2018

[Verse 1]
Se lè m gade w nan je cheri mwen bouke kriye
Mwen bouke soufri, mwen bouke priye
Si w paka viv avè m cheri fò w pata bliye
Se granmoun nou ye
Nou gen timoun pou n leve
Nan yon sitiyasyon kote lanmou nou mele
Si w tounen chasè, cheri mwen pa vle jibye
Chak jou n ap joure, n ap goumen
Nou paka janm chita pale
Poukisa, se timoun nou yo k ap peye

[Chorus]
Poukisa cheri
Nan yon kay nan yon fwaye n ap aji tankou etranje
Poukisa cheri
Se lè m rantre w soti, se lè m soti w rantre
Poukisa cheri
Menm lanmou pitit nou yo oblije separe an de baby
Anverite se timoun yo k ap soufri
Lè y ap gade manmi ak papi

[Verse 2]
Si lanmou vire do l, mèt kite l ale
Pa janm dekouraje sa lavi deside
Paske toujou g on moun ki te ka sakrifye
Tout sa ki nan pouvwa l pou li pa fè w kriye
Nou tout gen defo se sa k fè nou tout konnen
Nou konn sa n bezwen, nou pa konn sa nou genyen
Nou tout deja pèdi yon moun ke n te renmen
Lè nou wè l ale, n ap priye pou l tounen

[Chorus]

Koneksyon djaz Montréal la

[Keyboard]

Menm si w ale, n ap stil kontekte
La la la tounen (tounen)
Wo wo
La la la tounen
Fò nou pale cheri (tounen)
Fò nou pale

[Verse 3]
Mwen pa vle divòse w
Nou ka jere ti sa a
Mwen pap separe on fwaye
Nou ka jere ti sa a
Si w paka fè l pou nou, an nou fè l pou yo
Nou ka jere ti sa a
Timoun yo pa t mande pou yo pote fado sa yo
Nou ka jere ti sa a
Se ou se mwen (se mwen), se ou se mwen
Nou ka jere ti sa a
Ou se ou se mwen (se mwen), se ou se mwen
Nou ka jere ti sa a
Se mwen babe

[Guitar]

Pa kite l kouri, ou mèt kite l mache
Se ou se mwen
Pa kite l kouri, ou mèt kite l mache
Ay ay ay
Koneksyon, djaz Montréal la
Just a dream baby