ADDED BY GEN11 (JUL 15, 2019 AT 8:01 PM) • 3,082 VIEWS • EDIT
[Verse 1]
Avè w son doulè san ou s on mizè
Se vre w maltrete m mwen mal pou m kite w
Nenpot istwa s on pakèt traka
Pale anpil se division tout lajounen
Sa pa rele renmen
[Hook]
Cheri se ban m m a ba w
Tout sa ki pa m se pa w
Lanmou se sakrifis
Li pa fèt a sans inik
Cheri se ban m m a ba w
Tout sa ki pa m se pa w
Lanmou se sakrifis
Pou li ka dire plis
Cheri se ban m m a ba w
Ban m ma ba w
[Verse 2]
Melodi lanmou pa gen melankoli
Kè m pa on bank wap fè antre soti
Lè m ba ou love ou pa montre m ou anvi
Mwen vle diskite ou di mwen gen foli
Mwen ba ou kè mwen – ou pran lanmou an pou piyay
Ou maltrete mwen – li pa konnen se ban m ma ba w
Sa pa bon pou mwen – si se pa sa m ape di w bye bye bye
Mwen ba ou kè mwen – ou pran lanmou an pou piyay
Ou maltrete mwen – li pa konnen se ban m ma ba w
Sa pa rele renmen – si se pa sa m ape di w bye bye bye
[Hook]